Formationet Philosophieavec Couvertur
Telechaje oswa gade nan PDF
Pèp Ayisyen, fami m yo,
Depi de san lane Ayiti koumanse yon koumbit ap plante libète. Nou travay di se vre, nou swe, nou sakle men yon bon pye libète pa janm ka pouse. Jaden an pa kanpe sou anyen gen yon pil pikan kwenna ki anvayi l. Lapli benediksyon Bondyetonbe men li pa janm ase pou fè nou wè flè kilouvri. Tout zepi yo avòte. Se yon pil ti fri rachitik nou chita ap ranmase nan jaden libète. Nou ta rele anmwe wi, men nou wont pou zòt pa tande.
Lè nou panse aksitiyasyon peyi Dayiti nou pa ka anpeche pou n mande tèt nou kouman nou fè rive la? Eske pa gen lòt fason pou peyi a ta ye? Eske li oblije trennen nan sitiyasyon tètchaje sa a kote li preske pa vo tèt li anyen? Gen de lè nou konn reflechi sou sitiyasyon peyi a men se yon pil gwo teyori melanje antòtye nou avanse ki pa janm yon sèl fwa egzije ankenn mouvman pratik.Men mwen m pa janm sispann mande gwo pansè entelektyèl yo keksyon sa a: Ki lè traka nou te koumanse menm? Si nou te choute blan franse fèl kase mayil bay tè a blanch, poukisa nou pa janm ka repete menm mirak sa ankò? Sak rive nou? Sak mare nou? Men yo pat janm ka banm yon repons ki satisfè m: Kouman nou fè rive la? Ki lè Ayiti te rive janbe pas sa a ki Mennen dwat nan teritwa Lamizè e ki mete l ou ta di l nan yon sitiyasyon kote li pa gen mwayen pou l pran men l, bay tèt li fòs, depeche l pou koumanse pran wout devlòpman, pa nan pale anpil men nan desizyon serye pou l chanje wout kote li lage kankou yon avadra sanzavni.
Sa a sanble yon keksyon ki senp. Ki lè nou koumanse pòv nan eta sa a, nan yon pwen kote li sanble pa gen mwayen pou n sove poul nou? Men lè ou kalkile li byen keksyon an pa si senp ke sa. Epi menm lè nou tap kab reponn keksyon an fòk nou ta chwazi nan ki sans nap reponn li.
- Yon istoryen pa egzanp ka di se konsekans esklavaj la. Pa gen mwayen pou sat a diferan. Nou pòv paske nou koumanse san anyen e pi sèl chans nou te ganyen pou sa ta diferan se distribisyon tè ke Dessalines te vle antreprann an men yo te ansasine l anvan te rive fè l.
- Yon ekonomis ta ka di rache l touye l se dèt enjis la nou te peye Lafrans lan. Pil lajan Boyer te dakò pou peye Lafrans pou le te ka evite yon gè ki te kab lage peyi a nan gwo traka ankò.
- Kèk antropològ tètcho te ka petèt di ke se nan fason nou viv mizè a jwenn bon tè pou li grandi. Si lap fleri jodi a se paske nou se yon pèp aryere ki kwè nan Vodou. Li ta ka melanje manti ak verite pou l demontre nan fason pal ke nou pa diferan de lòt pèp Lafrik yo. Se kòm si ou ta di se nan san nou sa ye pou nou viv nan mankman, nan bwasedlo pou fè bè.
- Yon pastè pat ap manke foure Bondye ladann e di ke se paske pèp la ap viv lwen Bondye ki fè lap soufri. Tout sa li bezwenfè pou zafè l ranje, pou l sispann soufri se vin jwenn Bondye fè kò l piti devan Kreyatè l.
- Pi fò lòt moun kap viv nan peyi a ki wè kouman gouvènman pase gouvènman vini anyen pa janm chanje pa gen lòt lide pou yo ta fè tèt yo de sitiyasyon an. Yo tap di se gwo chèf kap souse san peyi a. Se yon pil ava ki wè pòch yo sèlman. Men kote pwoblèm nan ye a : Se rat kay kap devore pay kay.
Premye sa nou gen pou di sèke mizè se yon konsekans, yon rezilta. Se pa li ki pwoblèm nan menm si nan tit la nou di pou n ba li yon kout pye nan dèyè l sa pa vle di nap janm konfonn nannan pwoblèm nan ak konsekans li oubyen sentòm ni. Lamizè se lafyèv la se pa li ki enfeksyon an. Pou yon fanmi ki nan mizè premye bagay pou nou fè se poze tèt nou keksyon ki degre mizè a? Eske souf yo prèt pou koupe? Nou poze tèt nou keksyon sa yo paske mizè pajanm menm jan pou tout moun. Nou ka di pa egzanp si moun nan fè pi piti ke tèl valè lajan pa ane li nan mizè. Sa se yon fason gwo ponyèt pou deside kimoun ki pòv ak kimoun ki pa pòv. Men an reyalite bagay la pi konpleks. Nan menm kay la kote yo di gen yon fanmi ki pòv ap viv ou gendwa jwenn moun ki pi byen pase lòt. Tout moun pa janm wè l menm jan. se yon valè Ki sa ki rive sosyete kote yap viv la ki fè yo nan sitiyasyon sa a. Eske yo eritye povrete a? Eske se moun ki kòz li? Si se sa poukisa? Mizè kab konsekans yon vale chwa ke moun fè nan lavi yo. Men anpil fwa se pa chwa pa moun kap soufri a se enpoze yo enpoze l yon sitiyasyon epi l trouve l nan ka, yon ka kote li parèt ke li pa gen ankenn chwa.
Yon bon egzanp denye ka a se lè yo te al kidnape zansèt nou yo an Afrik. Moun sa yo bodyab tap viv lavi yo nan yon reyalite ki te pa yo depi dèmilye dane. Nou ka di apre tout tan sa pèpnou yo te fèapvivyonfason li te fini pa antre nan DNA yo.
Pou gwo blan te kab fè kou yo konnen pou apeze konsyans yo ki te fin dechennen nan kò yo pou yo ta sispann krim grav sa a : zafè vann moun kou machandiz lan, podyab yo, enbesil yo te oblije konvenk tèt yo ke afriken an pa moun. Se te yon gwo sipriz pou yo lè yo wè afriken an pa nan jwèt ak yo. Li konn travay. Li konn soufri. Li konn goumen. Li konn kouri. Li konn kache. Li konn reziste. Li konn genyen epi sak pi rèd, li rayi pèdi. Blan rann tèt li kont bonè ke li te mande Gonbo cho Bondye, ti nèg Lafrik lage l nan pla men yo.
Prensip Fondamantal Rechèch
Pou
Tout Moun Kap Pran Fòmasyon
Greskò
Preparasyon e Desen: Robers Dolciné
Pou
Greskò
2023
ANGE-Kou sou rechèch aktif
Apre kou sa a nap kapab:
- Itilize bon mwayen pou rezoud pwoblèm
- Konnen ki mwayen nèg save yo itilize pou yo
- Rezoud pwoblèm
- Envante zouti travay rapid
- Dekouvri remèd
- Trete maladi
- Defini kisa rechèch vle di
Metòd: Di etidyan yo ki metòd ou pral itilize avèk yo pou leson sa. Fè yo konnen ke se pa di ou sèlman vini pou di kisa rechèch ye. Ou la pou fè yo dekouvri poukont yo sa rechèch ye. Pou fè sa wap ba yo kesyon pou yo reponn. Wap òganize ti gwoup 2 oubye 3 moun pou yo reflechi sou kèk pwoblèm wap mete devan yo.
Premye Egzèsis (atelye)
Eske li posib pou yon moun aprann san pofesè? Si nou di wi, fò m di kouman. Si nou di non fò n di kouman. (5 minit)
Dezyèm Egzèsis (chak grenn moun)
Ki pwoblèm ou sonje ou te genyen se ou ki te rezoud li poukont ou? (10 a 15 minit)
Definisyon Rechèch: Rechèch vle di chache konnen. Se yon mwayen ke tout moun lespri itilize pou yo ka dekouvri yon verite. Verite ede ou admèt yon reyalite.
Chache konnen
Si pou chache konnen fòk ou admèt anvan ke ou pa konnen. Fòk ou anvi konnen. Fòk ou kirye, jouda menm nan bon sans mo jouda a pou al dèyè dekouvri yon verite.
Kouman nou ka chache konnen
1-Pale ak moun ki konnen (doktè, famasyen…)
2-Li nan liv (liv lekòl, la Bib, liv syans…)
3-Itilize entènèt (telefòn, òdinatè)
- Men si ou pa gen moun bò kote ki deja konnen sa ou bezwen an, si ou pa konn li, ou pa gen liv, si pa gen entènèt gen yon katriyèm jan ou ka chache konnen. Ki moun ki ka di l?
- Piti ou malad li gen lafyèv nan mitan nan nwit ou pa gen pou mennen li lopital. Kisa ou kab fè pou li?
- Ou achte pwa vèt pou vann. Pwoblèm politik nan peyi a fè ke ou pa kab al nan mache al vann. Kisa wap fè pou pa pèdi pwa a?
- Ou achte zonyon anedènyè pou vann anpil ladan yo gate kisa wap fè ane sa pou menm bagay la pa rive?
- Tout chache konnen se yon pwoblèm wap chache rezoud. Se yon verite wap chache dekouvri.
Kouman nou ka chache konnen
- Pale ak moun ki konnen (doktè, famasyen…)
- Li nan liv (liv lekòl, la Bib, liv syans…)
- Itilize entènèt (telefòn, òdinatè)
- Itilize prensip rechèch pou dekouvri verite a
Demach syantifik pou rive dekouvri yon verite ou ka wè, santi, touche epi repwodwi. Tout domèn lasyans sèvi ak menm pwosede a. Ke se doktè, enjenyè, agwonòm, pwofesè, etsetera.
- Sipozisyon/Obsèvasyon
- Kale je gade/al gade/al obsève
- Tcheke si sa ou wè a mache ak sipozisyon ou nan
- Si li mache ou jwenn repons lan (ou dekouvri VERITE a)
- Si li pa mache ou fè yon lòt SIPOZISYON epi ou rekòmanse
Kwayans ak Konesans
- Kwayans se tout bagay ou kwè ki pa verifye
- Konesans se sa ou konnen ke ou te verifye
ATELYE
- Mango leve fasil
- Dlo pase swaf moun
- Lougarou manje ti moun
- Fanm an pèdisyon
- Pyebwa mal
- Pyebwa femèl
- Bwa pa koule nan dlo
- Zonyon pa leve an Ayiti
- Poul ede ze yo kale
Konklizyon
Gen bagay nou kwè san verifye. Pa egzanp Bondye egziste. Nou di sa paske nou ap viv, nou wè mond lan egziste. Se yon kwayans pou kèk moun men pou nou Kretyen se yon konesans.
Men kwayans ak Konesans se pa menm bagay. Se rechèch ki bay verite a. Yon sipozisyon se yon kwayans. Pa gen anyen mal nan sa. Men fò n toujou vle chanje kwayans lan pou l vin Konesans.
Qui Etes-vous?
(version créole)
et
LE POUVOIR DU PARDON
(“Who are you?” and “The Power of Forgiveness”. Biblical and Metaphysical reflections on self and forgiveness) Préparé par Robers Dolciné, BA, MA, (MS), M. Ed.
Créole Haitien et Français
Livre de l’Animateur
Jiye 2014
Refleksyon Pèsonèl
Kiyès nou ye?
1.0 Objektif: Dekouvri idantite, Ranfòse talan nou pou nou ka konn ki wòl nou nan sosyte kote nap viv la. Apre segman sa, si nou patisipe korekteman ladann nou fèt pou ka di
1.1 Ki moun nou ye?
1.2 Ki talan nou genyen?
1.3 Ki rezolisyon nou pran pou nou fè enpak sou kominote nou an?
1.4 Ki desizyon pou pran pou chanje lavi nou pou tout bon?
2.0 Egzèsis Refleksyon
2.1 (Travay endividyel): Ekri nan yon ti papye youn oubyen de fraz ki di yon moun ki moun ou ye nan je pa ou.
2.2 Refleksyon (Travay an gwoup): Li pou moun nan gwoup ou a sa ou ekri sou ou a. Apre nou fin tande pawòl chak moun chahe reponn keksyon say o antre nou. Nou lib pou nou diskite yo jan nou vle e nou pa oblije dakò youn ak lòt.
2.2.1 Eske sa ki fè yon moun se sa li di? Se sa li fè? Osinon se sa li kwè?
2.2.2 Eske yon moun ka chanje idantite l?
2.2.3 Eske yon moun ka pèdi idantite l?
3.0 Fòme idantite ou
3.1 Idantite biolojik nou ki sa li ye?
3.1.1 Nou se zo, po, san, dlo. Nou se selil. Nou vivan, nou mouri, nou se pousyè (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri
omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.2 Idantite sosyal nou ki sa li ye? (politik, familial, pwofesyonèl, etset.)
3.2.1 Nou se lavalas, nou se manm fizyon, nou se pitit paran nou, nou se kiltivatè nou se pwofesè (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.3 Idantite sikolojik nou
3.3.1 Mwen se yon moun ki pa gen chans, lavi ap toupizi m, mwen satisfè ak la vi, mwen pa rich mwen pa pòv men kè m toujou kontan, Mwen se ze zandolit loray kale (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a
re-ekri omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.4 Idantite espirityèl nou
Mwen se vouyizan, mwen pa kwè na Bondye, mwen se pitit Bondyen (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri omwen kat fwa anba la a)
Enpòtans yon refleksyon sigjestif
Nou pral pale de padon nan dezyèm seksyon ti kozri sa. Men anvan nou vle pale de yon bagay nou kwè ki se baz kapasite moun pou yo padone sa moun fè yo. Si wap pase yon kriz idantite, ou pa konn ki bò ou kanpe, ou pa konn ki sa wap chache nan lavi, angwo, ou pa konn ki moun ou ye se nòmal pou gen difikilte padone sa moun fè ou. Poutèt sa nou vle poze ou yon keksyon : Eske ou konn ki moun ou ye. Pati sa a nan filozofi rele metafizik. Anpil gwo save voye l jete. Yo pa kwè li enpòtan ankò. Nan yon mond kote lasyans ap Mennen mwen ka konprann pouki sa metafisik ki yon bagay trè sigjestif yo vle voye al chita nan yon kwen. Poutan lasyans gen anpil aspè ladan l ki sigjestif tou.
Teyori Evolisyon pa egzanp. Wi ou ka obsève chanjman nan lanati men lè ou ale nan pil gwo lane ki pase yo epi ou tonbe nan kouman lemond te koumanse tout sa ki di sou pwen sa a ap sigjestif. Pa gen mwayen pou pwouve anyen. Objektivite pran rak. Se bèl kalkil kap fèt. Se imajinasyon kap travay.
Domèn mwen kap ekri la a se sikoloji. Wi gen anpil aspè nan sikoloji ki baze sou lasyans men anpil lòt aspè ladan l se entwisyon sikològ la kap travay.
Se menm bagay pou edikasyon. Pwofesè kab fè anpil jèfò pou yo objektif nan yon apwòch syantifik de edikasyon men li oblije yon atis tou anndan klas la pou li fè fas ak traka li pat prevwa.
Ki fè nou vle di metafizik sigjestif men sa pa vle di li sanzenpòtans. Lè Descartes te di « cogito ergo sum » se metafizik li tap fè men sa te antre tou nan sikoloji. Konnen ki moun ou ye gen yon valè kapital. Se sa ki pral detèmine kouman wap viv ak moun.
Refleksyon sou tèt mwen
Si m rive konnen mwen se yon moun se pa pase ou di m li; ni pase ou rekonèt li. Se pase m santi l. Mwen se yon moun malgre tout sa yo di, malgre tout sa yo ta kab di, malgre tout sa y ap gen pou di. Moun mwen ye ya pa depann de sa moun panse, ni de sa moun kwè, ni de sa moun vle, ni de sa moun pa vle, ni de sa moun renmen, ni de sa moun pa renmen. Mwen se yon moun. Sa mo sa a vle di pou mwen se mwen ki konnen l.
Kiyès mwen ye
Jan mwen konprann ni pa gen anyen pou wè avèk verite oubyen manti. Mwen pa yon tèz, mwen pa yon deba, mwen pa yon fenomèn oubyen yon evenman, mwen pa yon diskisyon. Mwen plis pase yon santiman pase nan fon moun-mwen-ye-a mwen genyen santiman mwen remake yon bon pati nan
2
egzistans mwen fèt ak santiman. E mwen pa di sa pou pran l, pou mete l sou balans pou m kab wè ki pwa l.
Se pa yon bagay mwen kab mezire. Men espesyalman se pa yon bagay mwen ki bezwen mezire. Moun mwen ye a pa gen pou l wè ak ankenn lide lòt moun ka fè sou mwen. Mwen konprann byen ke sa yo di sou mwen gen anpil enpòtans menm pou mwen. Sa mwen ye nan je pa m ak sa mwen ye nan je yo se de bagay diferan. Nan je yo mwen pa janm chanje. Yo pa janm kite m chanje anndan kacho a kote yo mete m nan. Pou yo mwen pa lòt ke yon lide, yon anvi, yon dezi; mwen kab tou yon plezi, yon chagrin yo bann koulè yo vle.
Men sa nesesè. Si pa gen goumen sa a k ap kontinye san rete ant sa yo wè mwen ye ak sa mwen ye tout bon an nan je pa m, lavi m pap janm rive gen tout sans li. Goumen an nesesè. Se menm yon obligasyon li ye. Lide lanvè moun fè sou mwen al lide landwat mwen fè m de tèt mwen, se menm rad la. Men youn pa lòt; ni youn pi bon pase lòt. Okontrè youn bezwen lòt.
Objektivite ak Sigjestivite
Batay la fini ant objektivite ak sigjestivite mo sa yo pa janm fè sans twòp lè yo kontre ak reyalite tout bon. Yon pa objektivite ki mande m fè yon krim lè li di m pou m bliye enterè m ki vle di m bliye lavi m. Kòman pou vle pou m kòmanse panse sèlman lè m a dakò mwen pa anyen. Ki sa ou vle pou sa m ap di yo ki sot nan mwen yo ye. Mwen pa kapab divòse ak tèt mwen. Se fou m ta fou si pou mwen ta pwomèt yon bagay konsa. Epi ki dwa moun nan ki ta mande m fè yon bagay konsa?
M kwè Bondye egziste – Refleksyon sou kwayans
Ki dwa ou pou ou arive mete yon bagay konsa nan tèt ou. Mwen ak mwen marye, plotonnnen, fè yon sèl. Tout sa m ap chache fè se pase m vle. Mwen pa kab vle san mwen pa ladan l. Anvi sa a pa gen ankenn valè si li pa sòti dirèkteman nan mwen. Mwen kwè gen yon Bondye. Sa vle di dabò mwen vle kwè sa. Se pa gwo anlaliz ki abouti a sa. Okontrè analiz ta kab vin gate sa m ap pale la. Depi mwen di Bondye mwen sòti nan tout sa ki pou wè ak lasyans mwen tonbe nan yon lòt katye rezonman ki pa kab fèt avèk matematik. Sa mwen di la a pa bezwen prèv, demonstrasyon. Se yon kwasans.
Si m te di “Bondye egziste” se nòmal pou ta nan mande m prèv; rale m antre nan yon laboratwa pou m al koupe chak pawòl an myèt moso pou wè sa chak silab vle di. Men se pa sa m te di. Mwen di mwen kwè gen yon Bondye. “Mwen” an ki vin anvan pa gen kont pou l rann pèsonn si la chanje sa l di jodi a pou li di yon lòt bagay demen. Se yon bagay ki regade l epi se yon bagay ki gade mwen menm sèlman. Pi gwo erè mwen remake nan domèn sa a se lè yo pran syans yap chache fè l tounen jij kwayans. Yo se
3
sè, se vre,, men yo pa marasa. Yo chak se yon linmyè apa ki klere de domèn apa. Kwayans se yon etap nesesè pou rive nan syans. Syans se pou tèt , sa kwayans ye pou kè. Tou de bèl. Tou de bann enèji pou nou vanse. Yo pa nan goumen. Li neseè pou toulède grandi. Syans pou l vin pi klè. Kwayans pou l vin pi fò. Yon bagay pa janm kite domèn kwayans net pou li rantre nan domèn syans li rete pou premye a toujou menm lè li se pwopriyete dezyèm nan. Men se lè sa a sèlman syans kab jije l pou ba l yon kanè pou di li pase tès la oubyen li echwe. Mwen di sa konsa men pou nou wè sa pi byenfòk nou ta pale de imaj kwayans ak ensètitid syans.
Yon bagay rete sa li ye a san ankenn chanjman. Se bagay -la -nan- li-menm- menm. Chak je ki tonbe sou li wè l yon fason men sa pa chanje anyen nan sa – li- – ye – tout – bon – an. Kwayans ba l yon imaj, syans gen sètitid li sou li. Kwayans ak syans vrèman yo chak pwoteje imaj pa yo sou menm bagay la san to youn pa chanje anyen nan sa li ye vrûman. Chat nwa pou kèk kwayans ap toujou rete imaj yon move bagay. Syans di se pa anyen se yon pakèt selil. Se yon bèt. Men sa nou konnen tout bon vre sèke li pa ni youn ni lòt. Li pa yon pil selil ki vin bay ògan, pou ògan yo vin bay yon bèt. Li se sa tou pase se konsa syans la wè l. Menm jan li se yon move bèt nan tèt moun ki vle wè l konsa. Men kisa li ye vrèman se pa yon repons mwen bezwen. Pase, mwen te mèt fè sa mwen vle m ap baze l jan mwen wè l sou kwayans oubyen syans. Se oubyen mwen kwè l oubyen mwen pa kwè m konnen. Se la tout pwoblèm nou genyen ak yon konnen. Se pa yon pwoblèm ki senp. Men se yon pwoblém. Yon pwoblèm tot bon ki ban nou fòs pou n viv. San li nou pat ap anyen se gras a pwoblèm sa nou jwenn rezon pou n viv ak rezon pou n mouri.
Retire pwoblèm sa a epi lòm disparèt. Kò l t ap la men li menm li t ap evanouyi nan yon lòt mond. Yon kote tout bagay san sans men li pa t ap menm konnen sa, li p ap menm konnen sa. Li pa t ap la. Li t ap disparèt. Men li pa t ap konnen.
Mwen kanpe fas pou fas ak libète
Mwen pa dakò pou ankenn moun vin ban mwen manti fè m konprann ke m lib. Epi pou kelkeswa janm gade mwen pa wè mwen lib nan anyen, petèt pou m kalkile. Mwen pa lib pou m viv. Mwen pa lib pou mwen mouri. Mwen pa lib pou m ret grangou, mwen pa lib pou m manje, mwen pa lib pou pran ni pou bay; mwen pa lib pou m pale ni pou m gade silans, mwen pa lib pou m renmen, mwen pa lib pou m rayi. Libète se yon foli kèk moun vle mete nan tèt mwen pou m ka fè sa yo vle. Zafè m si m al kwè yo. Zafè m si l koute yo epi antre nan dans yo a. Dans lib yo a. Ata frè? Lib? Men wi na al kwè!
Non! Mwen menm m se yon aktè k ap jwe yon teyat mwen pa ekri sou yon sèn mwen pa t envante. Mwen lib nan mouvman m, petet men mwen pa lib nan aksyon m. Pou m ta lib tout bon fòm ta kòmanse
4
depe anvan, anvan, avan. Fòm ta mèt lide teyat la. Fòm te bati sèn nan. Fòk se te mwen ki te mèt espektak la. Si pou m ta lib fòk mwen ta lib tout bon. Mwen pa renmen pou m m ap fè reskiyè dèyè zo libète. Mwen t ap renmen si se ta mwen ki te al lachas libète. Pou se ta mwen k te trape l, pou se mwen ki pote l vini pou m manje l.
Elas, li twò ta. Mwen gentan parèt. Sèn nan anba pye, m fòk mwen jwe. Piblik la devan m, m’ pa kab fè bak. Mwen kab di m ap ba yo yon sipriz mwen pa di anyen nan sa yo te ban m pou di dayè se chak pawòl ki gen pou sòti youn apr lòt san m pat aprann anyen. Mwen kab parèt pou m kreye yon sipriz. Mwen di m ap chita, m p ap di anyen oubyen m ap kanpe m ap disa m vle. Chak sa m fi n di mwen pa gen mwayen pou m verifye ke se pa sa yo te vle m di. Mwen kab menm revolte sou sèn nan mwen tonbe vire, tèt anlè, tèt anba. Mwen tonbe joure, frape pye m, mwen kale je m, mwen envante grimas mwen konnen pa gen moun anvan ki te fè yo. M p ap janm gen moun apre m ki ka fè yo. Apre lè m fini kè m kontan mwen di “mwen jwe nou. Mwen lib, nou wè. Se pat sa nou te vle m fè”. Yo tout kanpe, tout moun ki t ap gade m yo tonbe bat men, yo pran rele “se teyat sa menm nou te vin gade”. Epi yon lòt jou mwen ta pi byen pare m pou yo. Mwen pran desizyon fwa sa yo p ap konprann fòk yo sispann. Mwen parèt sou menm sèn nan, tout espektatè yo chita, twa kou pati. Rido louvri. M pa di yon mo. Mwen gade yo , yo gade m tou. Mwen grèw m touye tèt mwen kòm si m te lib pou m te chwazi fason pou m mouri. Pòv mwen menm. Mwen pa t janm lib, men mwen pa t konnen. Libète se yon foli yo foure nan tèt mwen pou m ka esklav panse yo. Chak fwa mwen dezantotye m yon fason, mwen antotye-m yon lòt jan.
Sèl fason pou m lib tout bon, fòm admèt mwen pa lib. Alò olye m pase tanm ap frape nan mi yo ap chache libète deyò se nan kwayans mwen nan Bondye mwen jwenn li.
Sa Jean Calvin di sou sa. Li kwè ke si pou konn tèt ou byen se kot Bondye pou ou ale. Pa gen lòt chemen ou kab fè. Sa li di a nan tèks sa ke nou site anba a gen anpil enpòtans. Li ekri nan yon franse difisil men pran swen pou li l. Se gwo kokenn chenn virite Calvin ap met atè la. Pa gen mwayen pou konn tèt ou ou menm ki ajil la si se pat kot potye a ou ale. Kreyati a pa ka konn kiyès li yes an l pa pale ak kreyatè a. Lòm ak lafam pèdi idantite yo akoz de peche. Se kot Bondye sèl yo ka ale pou yo jwenn li.
OBJEKTIF
Chache konprann wòl kretyen an nan sosyete kote lap viv la.
Vous êtes le sel de la terre. Mais si le sel perd sa saveur, avec quoi la lui rendra-t-on ? Il ne sert plus qu’à être jeté dehors, et foulé aux pieds par les hommes.
Vous êtes la lumière du monde. Une ville située sur une montagne ne peut être cachée ; et on n’allume pas une lampe pour la mettre sous le boisseau, mais on la met sur le chandelier, et elle éclaire tous ceux qui sont dans la maison.
Que votre lumière luise ainsi devant les hommes, afin qu’ils voient vos bonnes œuvres, et qu’ils glorifient votre Père qui est dans les cieux.
Ne croyez pas que je sois venu pour abolir la loi ou les prophètes ; je suis venu non pour abolir, mais pour accomplir.
“Connais-toi toi-même” (Socrates)
Idantite nou se tout sa ki fè yo rekonèt nou.
1.0 Chanje Kè
Pardon
L’enseignement sur le pardon est celui qui est particulièrement difficile de présenter. En fait, il est plus naturel pour nous d’oublier que de pardonner. Pourquoi ? Parce que nous sommes naturellement prédisposés à garder rancune.
Qu’est-ce qui exige le pardon ?
Une blessure est une réponse à un acte ou action, ou une situation ou un événement ou des paroles blessantes
1) Sentir Vs Admettre
Il ne faut pas se sentir attaqué. Non pas que vous ne deviez pas admettre que vous vous sentez mal, mais se sentir blessé est toute autre chose.
La Dimensions du Mal
A – Physique – Les douleurs physiques peuvent être traitées – Visible ou perceptible B – Psychologique – Conseils et médicaments – Invisible – caché
C – Degré de la douleur – A quel point vous souffrez – certaines choses sont simplement plus douloureuses que d’autres
D – Période pendant laquelle vous souffrez
i) Nous devons admettre que nous souffrons
II) Nous devons comprendre qu’il n’y a rien de mal à se fâcher, ce n’est pas toujours la bonne direction qu’il faut prendre, mais c’est OK.
III) Les blessures psychologiques sont des rites de passage permettant d’atteindre le niveau de croissance et de compréhension que nous aurions manqué complètement sans cela.
IV) Le refus d’admettre les mauvais sentiments qui nous traversent n’aide pas vraiment. 2) Le rôle de la Perception
Le Mal et la douleur sont le produit de notre perception
La douleur doit se définir dans notre esprit.
Notre perception de quelque chose qui s’est passé peut soit ouvrir la porte vers la souffrance a) pour détruire notre bonheur
b) atténuer notre sentiment d’identité
c) nous rendre vindicatifs
d) enclaver notre sentiment de liberté
Ouvrez la porte pour la souffrance ou fermez-la.
3) La blessure psychologique et émotionnelle est le cancer de l’âme
On se détruit en pensant trop aux maux dont on souffre ou qu’on a souffert. Les rancunes :
A) Réduisent notre qualité de vie
B) Font obstacle à notre réussite
C) Paralysent nos progrès
4) la Cure – Le Pardon
L’œuvre de Christ sur la Croix ne fournit pas seulement une cure, un soulagement mais l’éradication totale et éternelle des maux dont nous souffrons.
Pourquoi est-ce que nous avons encore mal ?
Vous et moi sommes aveuglés par la chair pécheresse, l’héritage adamique, nous ne parvenons pas à nous rendre à la pharmacie de Dieu pour notre âme. Nous préférons ne pas penser au sacrifice accompli par Jésus sur la croix.
Nous ne voulons pas nous rendre à la pharmacie du Seigneur parce que :
i) curieusement, certains d’entre nous trouvent une certaine joie, une extraordinaire satisfaction à souffrir nos tourments
II) Qui pis est, certains d’entre nous trouvent beaucoup d’honneur à exhiber leurs péchés aux yeux du monde.
III) Dans certains cas, nous pensons qu’il est primordial de garder de la haine pour autrui.
IV) Nous nous déchargeons trop facilement de la responsabilité du mal qui nous poursuit. Nous tendons à ne pas voir le rôle que trop souvent nous jouons à rendre notre propre vie si difficile.
Partout autour de nous, nous pouvons constater la déchéance du bien. Beaucoup parmi nous résistent à l’idée de devenir des hommes et des femmes d’une certaine maturité. Ils se cramponnent à l’enfance et veulent se conduire en ados pour ne pas faire face à leur souffrance.
Pourquoi est-ce que l’humain se sent-il si mal dans sa peau ? Il semble avoir perdu pour jamais son sens d’identité.
C’est parce que nous nous sommes permis de perdre de vue l’identité de Dieu et ce qu’il peut faire dans nos vies.
Nous refusons d’aller à l’armoire de la pharmacie divine parce que :
i) Il y a un miroir à l’intérieur qui va nous révéler toutes nos laideurs
ii) nous avons peur de découvrir notre vraie identité avec ses faiblesses et sa grande laideur – nous avons littéralement peur de nous-mêmes
iii) nous préférons profiter l’illusion d’être bien dans notre peau, d’être beau et merveilleux au lieu de faire face à la réalité de la souffrance et au besoin de guérir.
Pardonner c’est d’abord un acte de reconnaissance envers Dieu
Pardonner c’est abandonner vos armes, vous rendre à la puissance de sa Grâce (vos rancunes, vos attaques, vos luttes de toute sorte) pour prendre les armes de Dieu (Bonté face au mal, abandon de soi au lieu de continuer la bataille contre Dieu, poser des actes de bienveillance pour anéantir les forces de la méfiance et de la méchanceté).
i) Nous avons tous des Égyptiens dans nos vies. Ce sont ces défauts, ces mauvaises habitudes et attitudes qui nous tiennent ligotés. Nous en sommes esclaves comme les Israelites l’étaient des Égyptiens ; Ce sont nos ennemis jurés. Ils veulent nous anéantir en douceur.
II) Ces défauts, ces mauvaises habitudes et attitudes sont les “frères de Joseph” dans nos vies. Ce sont des visages familiers qui veulent notre perte. Mais Dieu soit loué du fond même de notre puits où la mort nous semble certaine nous savons que nous avons un rocher, un refuge, son nom est Jéhovah.
Il est le refuge du juste
Il est Élohim (Le Dieu unique en trois personne) « Dieu créateur ».
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Adonaï (Le Dieu chef suprême de nos vies) « Seigneur ».
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-ROHI (Le Dieu protecteur) « L’Éternel mon berger »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-SHAMMAH (Le Dieu vivant) « Le Seigneur qui est présent »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-RAPHA (Le Dieu qui prend soin des siens) « Le Seigneur notre guérisseur »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est JÉHOVAH-TSIDKENU (Le Dieu juste) « L’Éternel notre justice »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-JIREH (Le Dieu pourvoyeur) « Le Seigneur pourvoira »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-NISSI (Le Dieu visible) « Le Seigneur notre bannière »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-SHALOM (Le Dieu conciliateur) « Le Seigneur est la paix »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est Jéhovah-SABBAOTH (Le Dieu qui se bat pour les siens) « Le Seigneur des armées »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est EL-ELYON (Le Dieu unique et majestueux) « Le Dieu très-haut »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est EL-ROI (Le Dieu à qui rien n’échappe) « Le costaud qui voit »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Il est EL-SHADDAI (Le Dieu qui ne change guère) « Le Dieu de la montagne ou le Dieu tout-puissant »
Donnez quelques passages bibliques où l’on rencontre ce nom de Dieu : ______________
_________________________________________________________________________
Qu’en pensez-vous? : _______________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
_________________________________________________________________________
Lorsque qu’on comprend bien qui est Dieu, on prend conscience du fait simple, mais crucial qu’Il est extraordinaire.
Celui qui pardonne part gagnant – En pardonnant vous perdez un peu aujourd’hui de gagner beaucoup demain.
Genèse 50:19 ྭ Mais Joseph leur dit : N’ayez aucune crainte ! Suis-je à la place de Dieu ? 20 Vous aviez projeté de me faire du mal, mais par ce que vous avez fait, Dieu a projeté du bien en vue d’accomplir ce qui se réalise aujourd’hui, pour sauver la vie à un peuple nombreux.
Difficile à admettre mais c’est vrai. Lorsque nous pardonnons aux autres le mal qu’ils nous ont fait nous en sortons toujours victorieux. Toujours ? Oui, toujours.
En fait, le moyen le plus efficace de gagner une bataille est de laisser Dieu combattre à notre place. Loin d’être un acte de passivité, c’est l’obéissance active au commandant en chef de notre existence. Notamment, Jéhovah.
L’obéissance à Dieu c’est de la nourriture pour notre âme. Elle nous permet de rester en équilibre. Le pardon est une bénédiction qui va dans les deux sens
Genèse 45 ྭ Mais ses frères étaient incapables de lui répondre tant ils avaient peur de lui. 4 Alors Joseph leur dit : Venez près de moi !
Ils s’approchèrent.
– Je suis Joseph, leur dit-il, votre frère, que vous avez vendu pour être emmené en Égypte. 5 Et maintenant, ne vous tourmentez pas et ne soyez pas fâchés de m’avoir vendu comme esclave. C’est pour vous sauver la vie que Dieu m’a envoyé ici avant vous.
Nous devons aller à la pharmacie de la parole de Dieu pour nous rendre compte que les luttes de cette vie ne doivent jamais nous empêcher de louer notre créateur.
Quand nous nous regardons à travers le miroir de la grâce de Dieu et acceptons le fait que les rancunes que nous intériorisons nous mangent à l’intérieur et que seul le pardon peut nous libérer
Quand nous allons vers Dieu en toute soumission et prenons la bouteille spirituelle du pardon du Christ ; quand nous reconnaissons le grand sacrifice qu’il a accompli sur la Croix et comprenons ce qu’il voulait dire quand il demandait au Père de pardonner ses bourreaux ;
1) les soldats romains, ses ennemis les plus cruels
2) les pharisiens et les Sadducéens ses adversaires spirituels
3) Judas le traître
4) Pierre qui l’a renié
5) ses disciples qui se sont comporter en lâches, mais qui, la veille, soupaient avec lui. Il voulait nous laisser un témoignage vivant concernant le pardon.
Quand vous comprenez que vous n’avez aucun autre choix que de conclure que vous n’avez encore rien souffert qui puisse être comparé de loin ou de près aux humiliations et à la douleur du Christ sur la croix alors, et alors seulement, vous comprendrez les merveilles du pardon et la richesse de l’amour de Christ pour vous. Vous vous rendrez donc compte qu’il vous faut obligatoirement parvenir à cette conclusion :
Vous devez pardonner aux autres comme vous avez été pardonné par Christ.
Pour les potins qui circulent à votre sujet – Pardonnez
Pour les calomnies qui ont causé le divorce dans votre famille – Pardonnez
Le fait que pendant votre enfant vous avez été maltraité ou violé – Pardonnez
Pour le poste de travail qu’on vous a injustement refusé – Pardonnez
Les actes de trahison dont vous avez été l’objet – Pardonnez
Vous pardonnez parce que vous voulez être en mesure de planer plus haut que le mal.
Vous pardonnez parce que votre Sauveur vous a enseigné la puissance du « lâcher-prise » par rapport à vos maux, vos anxiétés, vos stress et vos douleurs
Vous venez de réaliser que la douleur peut être nécessaire pour vous pousser vers l’avant vers la finalité de votre destiné.
Ne vous laissez pas influencer négativement par n’importe qui ou n’importe quoi. Personne ne doit vous empêcher d’atteindre votre objectif. Rien ne doit vous retenir dans votre ascension vers votre objectif.
Les Rancunes doivent partir
La haine doit partir
L’esprit de vengeance doit partir
Pour faire place à
La paix
La Joie
Le sens, la volonté du pardon
Quelques Cas de Pardon à travers la Bible
DES ENNEMIS
Ex 23:4, 5 ; PR 19:11 ; 24:17, 29 ; 25: 21, 22 ; EC 07:21 ; MT
5:7, 39-41,43-48 ; 06:12, 14, 15 ; 18:21-35 ; 11:25, 26 ; Lu
06:27-37 ; 11:4 ; 17:3, 4 ; RO 12:14, 17, 19-21 ; 1Co 04:12, 13 ; EPH 04:32 ; Col 03:13 ; PHM 01:10-18 ; 1Pe 3:9
CIRCONSTANCES DE PARDON
1- Esaü pardonne Jacob Gn 33 : 4, 11
2- Joseph pardonne à ses frères Souciaient Gn 15 ; 50 : 19-21
3- Moses pardonne aux Israélites Nu 12 : 1-13
4- David pardonne a Saul 1SA 24 : 10-12 ; même, 23 ; 2Sa 1 : 14-17 5- David pardonne Shimei 2Sa 16 : 9-13 ; 19 : 23 ; avec 1Rois 2 : 8, 9 6- Salomon pardonne Adoniya 1Rois 1 : 53
7- Le prophète de Juda pardonne Jéroboam 1Rois 13 : 3-6
8- Jésus pardonne à ses ennemis Luc 23 : 34
Ann Chanje Peyi Dayiti Yon Ti Moun, Yon Sèvo Alafwa
Pwogram Fòmasyon ANGE
Premye nan Kat liv
DEVLOPMAN EKOSOSYAL
Travay:
Robers Dolciné, BRE, MA, MSc, MAT
Licence en Education
Maîtrise en Psychologie
Maîtrise en Science du Développement (cand.)
Maîtrise en Enseignement
Pou Greskò Ayiti
2018
Yon nouvo apwòch ekolojik ki baze sou Moun,
Sosyete melanje ak Anviwòman an
Nou eseye marye jan moun nap viv nan sosyete a, sa yo kwè e jan yo wè anviwònman an
ak devlòpman
Sa ki anndan liv sa a
Entwodiksyon …………………………………………………………………………………………………………………………7
10 Kòmandman ………………………………………………………………………………………………………………… 10 Pou yon bon anviwònman ……………………………………………………………………………………………………… Modil I…………………………………………………………………………………………………………………………………12
Lesson 1 ̶ Anviwònman an ……………………………………………………………………………………………….. 12 Lesson 2 ̶ Anviwònman an (Kontinye) ……………………………………………………………………………….. 16 Egzèsis rapid pou fini ………………………………………………………………………. 18 Modil II……………………………………………………………………………………………………………………………….. 21 Lesson 3 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an ………………………………………………………… 21 Lesson 4 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an (kontinye) ………………………………………… 24 Lesson 5 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an (kontinye) ………………………………………… 30 Modil III………………………………………………………………………………………………………………………………. 33 Leson 6 ̶ Kominote a ………………………………………………………………………………………………………… 33 Leson 7 ̶ Kominote a (kontinye) ………………………………………………………………………………………… 38 Egzèsis rapid pou fini ………………………………………………………………………. 39 Modil IV ……………………………………………………………………………………………………………………………… 42 Leson 8 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen ……………………………………………………………………………… 42 Leson 9 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen (kontinye) ……………………………………………………………… 46 Leson 10 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen (kontinye)……………………………………………………………. 51 Egzèsis rapid pou fini ……………………………………………………………………… 52 Modil V ………………………………………………………………………………………………………………………………. 55 Leson 11 ̶ Plas mwen nan mond sa a …………………………………………………………………………………. 55 Leson 12 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye) …………………………………………………………………. 59 Leson 13 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye) …………………………………………………………………. 62 Leson 14 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye) …………………………………………………………………. 65 Egzèsis pou fini ……………………………………………………………………………… 66
Tès Pou Dekouvri Ki Tip Moun Ou Ye ………………………………………………………………………………….. 70 Les Droits de la Nature : l’outil le plus innovant de protection de l’environnement …………….. 73 1. Protéger la Nature en tant que réflex normatif aux Droits de l’Homme……………………………… 74 2. Préserver l’environnement en tant qu’héritage commun de l’Humanité ……………………………. 74 3. Sauvegarder la Nature en tant qu’objectif constitutionnel de protection de l’environnement 74 4. Préserver la Nature au nom du droit de l’Homme à un environnement sain ………………………. 75
5. Protéger la Nature en tant que personne juridique disposant de droits …………………………….. 76 Les Droits de la Nature, protection juridique la plus innovante et inspirante …………………………. 76 Fòm pou ranpli pou vin manm ANGE ……………………………………………………………………………………… 78 Tès pou detèmine ki tip zanmi anviwònman ou ye …………………………………………………………………… 79 Pye Mango a Pale ……………………………………………………………………………………………………………. 80 Nòt pou eksplike kèk mo ak lòt bagay …………………………………………………………………………………….. 81
Entwodiksyon
Zanmi m yo,
Anviwònman poukont li pa vle di anyen. Si vant mwen vid, pitit mwen pa kab al lekòl sot devan figi m avèk afè pwoteksyon pye mango ak pye bwadchenn nou an. Mwen ak anviwònman fè yon sèl. Si m pa byen mwen pa ka manje, map dòmi mal se anviwòman an ki malad tou. Pa mande m pou map gade pyebwa kap byen mennen lè pye pitit mwen plen ak maleng.
Pa gen mwayen nou kab gen yon anviwòman ki an sante toutotan nou pa reyalize ke vrè koupab yo nan sitiyasyon katastrofik anviwònman peyi Dayiti a twouve l jodi a se mizè ak povrete. Aviwònman an depafini paske mizè ap ogmante. Si pou nou rebwaze peyi a nou dwe fè lamizè bwaze. Nou dwe obligatwaman marye anviwònman ak devlòpman. Toutotan pèp la ap bat dlo pou l fè bè lap toujou fè bèkatè devan pwoblèm anviwònman, paske viv ak siviv pi enpòtan pou li ke bay anviwònman an tete, ke kenbe de twa pye tchatcha ak ravin an sante.
Kèlkeswa mouvman gouvènman an ap regle pou l ka ranje ezkanp figi anviwònman peyi Dayiti si li pa fè anyen pou ti pèp la pou ede l amelyore sitiyasyon l, tout jefò yo se pèn pèdi. Yo pa kanpe sou anyen si yo pa kore ak devlòpman.
Tande, si yon pyebwa pa bay lajan, peyizan ap fè l bay chabon. Se senp. Se poutèt sa nou menm nan Greskò (Grace Corps, Inc.) ki se manman an nou mete ANGE sou pye ki se pitit fi l. Se pa yon pwogram ki la pou sèlman plante pyebwa. Tout moun nou wè kap pale de plante pyebwa e plante pyebwa sèlman san yo pa pale de byenèt jenn fi ak jenn gason nan peyi a, pou ba yo lebra pou retire yo nan mizè, se pale anpil yap fè.
ANGE bay de garanti: 1) Nap travay pou ranje eskanp figi anviwònman peyi Dayiti, 2) an menm tan nap bay manm nou yo mwayen (sitou konesans) pou yo chanje lavi yo.
Nou konnen ke jwenn lajan se premye bagay ki vin nan tèt tout moun depi yo tande yon òganizasyon vle ede yo. Nan GresKò kote nap panse ak devlòpman dirab se pa estrateji nou sa. Nou kwè nan ede ak diyite. Nou vle e nap ba ou mwayen pou chanje lavi ou men nap fè sa byen yon fason ke nan yon tan kap vini ou ka fyè de tèt ou e kanpe gade pou wè sa ou reyalize. Fè n konfyans lavi ou ap chanje si ou mache ak ANGE, si ou swiv tout prensip ke nou enseye ou nan liv sa a.
Liv la divize an 3 Gwo Pati/Modil, 16 leson. Nou sòti nan teyori joukaske nou rive nan pratik ak aplikasyon toutbon pou tout sa nou di. Nou sòti nan definisyon mo “anviwònman” an jouk nou rive nan kouman ou fè grèf pa egzanp ak kouman pou sòti nan mizè.
Sa ban nou yon lide klè sou prensip Greskò vle respekte nan pwogram sa a. Pou amelyore anviwònman nou fè pou nou ede ou amelyore sitiyasyon lavi
I
ou. Nou ka fè ou wè tout benefis plante pyebwa gen ladan l men toutotan ou pa wè benefis pa ou landan l se lave men siye l atè.
Ann fè wout ansanm pou yon lòt Ayiti.
Robers Dolciné, BRE, MA, MSc (can), MAT
Sekretè Egzekitif Pou Greskò
10 Kòmandman
Pou yon bon anviwònman
Association National des Gardiens de l’Environnement (ANGE)
1-Mwen rekonèt avni peyi m nan mare ak sante anviwònman an. Si anviwònman an gen tèt fè mal se peyi a ki kouche malad. Si anviwònman malad se peyi a ki pral mouri.
2-Mwen dwe renmen tout pyebwa. Mwen pa fèt pou m janm koupe youn san rezon. Si fanmi m nan pwoblèm e sa fè mwen oblije koupe yon pyebwa pou m bati kay ou byen fè chabon mwen pwomèt pou m ankouraje konbit anviwònmantal pou repare tout mal anviwònman an sibi e ke, mwen, menm si se poukont mwen, map plante senk (5) pyebwa pou chak youn (1) ke m met atè.
3-Fò n rekonèt ke nanpwen anyen ki itil nou, ke nap sèvi avè l, ki pa sot nan zantray latè. Sa ki soutni lavi: Dlo, manje, metal yo: fè, kwiv, lò, plastik, lòt mineral kou gaz ak tout kalite lòt bagay itil tout se latè ki bannou yo.
4-Mwen dwe rekonèt avni pa m, (moun tout bon an mwen vle ye a ak konsyans mwen) mare ak travay map fè pou m fè peyi m bèl.
5-Mwen dwe avèti lòt moun sou danje ki genyen nan maltrete anviwònman an, ak nesesite pou n met tèt ansanm nan konbit anviwònmantal pou siveye, anbeli ak repare anviwònman an.
6 –Mwen dwe devwe m pou m kreye gwoup fi kou gason pou m aprann yo bon bagay ki ka sòti nan yon bon anviwònman. Keseswa granmoun, jenn ak timoun nan tout klas lekòl, nan tout klas sosyal, nan tout kwayans relijyon yo tout fèt pou aprann remenn anviwònman an.
7-Mwen ap kanpe tout kote m pase kòm yon solda, yon avoka ak yon pwofèt pou goumen pou anviwònman an, plede kòz li, avèti lòt yo sou danje ki genyen nan maltrete l ak pase anba pye prensip fondalnatal ki kenbe yon anviwònman an sante.
8-Mwen dwe rekonèt se Bondye ki bannou latè. Nou pa dwe sèlman eksplwate l pou byen nou, nou dwe respekte l tou. Nou dwe dòlote l, karese l, kankou yon manman ak yon pitit, byen pran swen l e konsève l an bon eta pou lòt jenerasyon kap vin apre yo.
9-Mwen fèt pou m itilize sèvo m ak entelijans Bondye ban mwen pou m kreye, envante, degaje m chache mwayen pou m fè lajan tout padan map prezève e ancheri anviwònman an. Mwen dwe siveye pou m pa fè lajan sou do anviwònman an, pou m tounen sèlman yon sousè kap souse l, san m pa yon batisè kap konstri l, rebati l.
10-Mwen pa dwe janm pase sèt (7) jou san m pa fè yon bagay ki bon pou anviwònman an: Ranmase fatra atè, fè konpòs, plante pyebwa, chache jan pou jwenn e konsève dlo, fè konbit anviwònmantal, fè pepinyè ak lòt aksyon pozitif. Se konsa sèl map ka yon ANGE gadyen tout bon pou anviwònman an e travay pou repare eskanp figi peyi m.
Modil I
Lesson 1 ̶ Anviwònman an
Egzèsis ak diskisyon anvan nou kòmanse
Diskite ant nou si ou nan you gwoup sou ki sa ou te konprann anviwònman vle di. Ekri repons ou yo nan yon kaye elèv la ki vini ak liv sa a. Ki jan ou konprann manman ou ak papa ou pran mo sa a ?
❖ Se lè nou fèt nou antre nan anviwònman an Wi Non
❖ Mwen ak enviwònman nou diferan. Se pyebwa ak ti zwazo ki ladan l Wi Non
Objektif Pati sa a
Lè ou fin li pati sa ou fèt pou :
1. Kisa sa vle di yon anviwònman
2. Ki plas ou ranpli ladan l
3. Ki wòl ou vle ranpli ladan l
Sa nou dwe sonje
Depi a wit ou diz an nou koumanse fè yon chwa. Eske nap AAN oubyen nap AAP (Ajan Aktif Negatif oubyen Ajan Aktif Pozitif). Se devan responsabilite sa a ke nou kanpe depi nou gen lespri. Nou kab rache jete oswa plante kiltive oubyen blese touye oswa renmen bay lavi.
Prezantasyon
Kisa “Anviwònman” vle di?
Desen 2 : Anviwònman an
Pifò moun nan peyi a konnen kisa mo “anviwònman” ou byen “milye” vle di. Omwen yo tout yo gen fason pa yo pou yo wè l. Si ou ta mande yo kisa sa vle di “anviwònman”? Yo pa tap bezwen kalkile twòp pouyo reponn ou “Anviwòman an se kote map viv la.” Gen lòt kap di ou “anviwònman se tout sa ki
antoure n.” oubyen ankò “anviwònman se moun ou frekante.” E yo tout tap gen rezon. Anviwònman vle di tout bagay sa yo e menm plis toujou.
Nan pwogram fòmasyon ANGE lan anviwònman ak milye vle di menm bagay. Se kote nou ye a. Bagay, plant, pyebwa, wòch, tè, lè, sezon, tanperati, zòn nan (sèk kou yon dezè, plen dlo kouwè yon rivye ak lanmè), you kote ki plen mòn oubyen yon plenn plat bò lanmè oubye anndan nan tè, ak lòt kote toujou nou pap pran tan site nan ti entwodiksyon sa a.
Men nou kab pale de plizye sòt anviwònman nou trouve nou ladan yo an menm tan. Kay kote nou rete, zòn kote nan evolye, peyi kote nou fèt la epi Planèt nou rele Tè a ke nap viv sou li a. Men pou nou menm toujou moun kap viv sou planèt premye anviwònman nou kòmanse depi anvan nou te gen konesans ke nap viv.
Konparezon ak yon zonyon
Men pou nou ka byen defini kisa ki anviwòman an fò nou ka wè l kouwè yon zonyon. Imajine ou yon zonyon, ou menm ou nan mitan. Se ou ki kè zonyon an. Ann kòmanse depi anvan ou te fèt, depi lè ou te nan vant manman ou.
Ann di an tèm de anviwònman nou kòmanse nan nannan zonyon an. Nivo ki pi fon nan kè zonyon an.
Gen kèk prensip enpòtan ke nou dwe pale de yo la a. Ki sa ki fè yon anviwònman bon pou devlopman yon òganis. Premye lèt mo kle yo ba nou mo RAD. Panse ak yo kouwè yon rad yon moun mete ki fè l byen. Ou renmen met rad la epi li fè ou byen. Si ou ta pèdi l se yon rad menm jan a ou tap bay fè pou ou. Menm dimansyon, menm stil, menm koulè.
Resevwa l byen
Adapte byen
Devlope byen
1- Resevwa l byen – Se kòm si le te nan yon paradi. Se sa menm anvowònman natirèl la ye pou li. Se yon paradi pou òganis lan, plant kou moun. Menm lè pou yon rezon kèlkonk ou ta vle retire l la ou oblije kreye yon anvowònman ki samble pafwa kou de gout dlo ak anvowònman natirèl li a. Yon egzanp trè senp: Pwason alèz nan dlo se anviwònman natirèl li menm jan latè se anviwòman natirèl krityen vivan e pou zwazo se nan lè pifò renmen viv. Oganis lan pa anvi al viv ankenn lòt kote. “Yo” (tout sa ki te deja nan anviwònman anvan li te vini) byen resevwa l. An nou di anviwònman apwopriye. Sa vle di ke anviwònman gen ladan l tout sa òganis la te bezwen pou li viv.
2- Adapte byen – Oganis lan nan plat li. Pa gen agresyon lap sibi ki pa rante nan kous nòmal lavi a. Li pa yon etranje nan anviwònman an. Li adapte l byen ak tout sa ki antoure l: Bèt kou plant ak pyebwa, tè a, lè a ak sezon yo. Li konnen anviwònman an, anviwònman an konnen l.
3- Devlope byen – Ou konnen òganis lan li byen kote li ye a si le devlope byen. Li arive atenn tout fòs li. Li rive ye tout sa pou li te ye. Se sa yo rele an franse “atteindre son potentiel”. Nap prete mo potansyèl la pou nou di si tout bagay ale kòm sa dwa òganis lan ap toujou antenn potansyèl li. Se pa ke pa janm gen
traka, aksidan ak anpechman, men òganis lan anpil fwa jwenn mwayen li bezwen natirèlman pou li defann li san entèvasyon moun.
Premye Anviwònman ou te konnen – Wòl Reseptè nou ranpli nan etap sa a.
Premye anvowònman ou te konnen se te vant manman ou avan ou te fèt. Ou te yon kretyen vivan kap devlope anndan yon lòt kretyen vivan. Yon OGANIS 1 anndan yon lòt OGANIS. Tout sa ou te bezwen pou siviv ou te jwenn li la: Dlo, manje, lè oksijèn, vitamin ak lanmou. Ou te pase 9 mwa oubyen 280 jou nan anviwònman sa a byen pwoteje. Ou te devlope si ou konn yon ti pwason nan dlo. Pa gen anyen ou te bezwen ou pat jwenn.
Se kote ki pi pwòp ou te ka ye e ke ou ap janm ye. Paske ou te bezwen l. Ou te bezwen l pou devlòpman ou. Sa pa vle di anyen pat ka rive. Si n ta di sa se tap manti. Lè yon ti moun piti nan vant manman sèl sa li bezwen se mwayen pou l devlope. Sèvo li fòme anvan. Se pati ki esansyèl nan li a. Se pati ki pi enpòtan ki pral jere devlòpman rès kò a.
Depi lè spèm gason an te kontre ak ze fanm nan lasyans di nou devlopman ti bebe a anvan li fèt déjà kòmanse. E sa yo di nou ankò sè ke kote li kòmanse a nan anviwònman manmanvant lan ki li menm nan anviwòman tout kò manman an pandan ke manman li menm nan anviwònman mond lan, ti bebe nou di anvan li fòt kòmanse devlope e li kòmanse jwe yon wòl actif nan pwòp devlòpman l. Pandan lap devlope li kòmanse sibi enfliyans bagay kap pase deyò2.
Sa nou vle fè ou wè sè ke nanpwen yon lè nan devlòpman ou pat fè pati de yon anviwòman. Tout òganis kap devlope fè sa nan yon anviwònman ki pwòp a li menm. Se pa ke li pata ka devlope nan yon lòt anviwòman non men li fè sa pi vit pi byen nan yon kote ki fèt pou li. Yon kote ki Resevwa l byen, kote li Adapte l byen e ki pèmèt li Devlope byen.
Lesson 2 ̶ Anviwònman an (Kontinye)
Dezyèm nivo anviwònman nou konnen – Wòl Adaptè nou ranpli nan etap sa a.
Lè nou fèt, nou sòti tou piti nan vant manman nou, se kay kote nou ye a, fami an nou fè pati de li a ki se anviwòman nou. Fèt fèt pou yon ti moun ki fèt. Anviwòman an resevwa l byen. Yo te anvi wè l. Yo te pare bon bagay pou li pou pèmèt li adapte l byen. Manman ba l lèt. Frè l ak sè l, sil genyen, kenbe li konpay pou ede l grandi sikolojikman ak sosyalman. Manje li manje bon pou li. Li dijere yo byen. Ti kabrit kamanje fèy bwa san pwoblèm men ti moun pa kapab. Fèy kri pa bon pou lestomak yo. Timoun bezwen kouchèt, men si ou tap met kouchèt sou you ti kabrit moun ap ri ou kont yo. Ti moun dòmi sou kabann men, menm si gen moun wi konn renmen ti kabrit yo tèlman nan peyi etranje ke yo arive dòmi ak bèt sou kabann yo, se tèt mòn kabrit renmen. Jan zago l yo fèt la se pou ede kanpe bò falèz ou byen grenpe tèt mòn.
Ti moun renmen rete anndan kay. Anvan yon lane li pra l eseye mache. Si l ta deyò nan lari oubyen nan bwa li pa tap gen mwayen pou l goumen kont ankenn danje. Ti bebe a san defans se anviwònman kote li fèt la kap ede l siviv. Fanmi an se premye pwoteksyon l. Se nan anviwòman sa a ak fanmi l ti moun nan pral aprann mache, pale, jwe ak moun, move sou moun, goumen ak lòt ti moun. Gen gwo savan yo rele Freud la ki di “ban m six premye lane nan lavi yon ti moun e ou te mèt pran rès la.” Pawòl sa se yon fason pou li fè nou remake enpòtans devlòpman yon ti moun nan mitan fanmi l. Se sak fè si yon ti moun pat jwenn lanmou lè l te piti tout pandan li gran li ka kouwè lap chache lanmou tout kote. Si bezwen fondalnatal li yo pat konble depi li tou piti sa ka kite l avek yon vid nan li.
Tout sa nou di la yo se pou ka fè ou remake enpòtans anviwònman natirèl la pou yon ti moun. Pa gen pi bon egzanp nou te ka pran pase egzanp sou nou menm.
Men kòm nou te fè remake l avek egzanp nou te pran sou ti kabrit la, se tout òganis kap viv ki bezwen milye natirèl yo. Pwason dlo dous pa viv nan lanmè. Zwazo ki renmen kote ki fè cho pa alèz kote ki fè frèt. Menm mouch ou konprann ki ta ka viv tout kote, nan kèlkeswa tanperati a gen kote li pa alèz. Ou jwenn yo mwens sou tèt mòn e pi yo pi renmen kote li fè cho.
Konprann anviwòman an se kle pou nou konprann tout bagay otou de nou. Men pi enpòtan toujou konprann anviwònman se kle pou anrichi la vi nou paske nap viv anndan anviwònman. Nou fè pati de li. Gen de lè lèzòm konpòte yo kò chèf anviwònman pou eksplwate l sèlman. Men Kòm nou gen pou nou wè nan Modil 5 Leson 6, 7, 8 nou pa la pou n eksplwate anviwònman sèlman fòk nou prezève l epi travay an amoni avè l. Men jan ak anndan vant nan premye ane devlòpman yon ti moun li twouve li yon kote ki Resevwa l byen, yon kote li Adapte l byen e ki pèmèt li Devlope byen.
Twazyèm nivo anviwònman nou konnen – Wòl Transfòmè nou ranpli nan etap sa a
An rezime, anviwònman vle di kote nap viv la. Nou pa kouwè etranje ladan l. Nou fè pati de anviwònman an. Nou se you manm ladan l. Men anviwònman nou chanje selon diferan etap nou atenn nan lavi nou. Men sa etap sa yo genyen kòm pwen komen sè ke yo toujou pare pou nou. Yo resevwa nou de bra louvri. Nou adapte nou ak yo rapid rapid paske se pou nou menm yo te fèt. Nou devlope fasil fasil nan yo depi ti fetis, ti katkat ki potko fèt nou te ye nan vant manman nou an rive sou jenn timoun sis ou set lane ki pre pou al lekòl.
Epi sa n konnen ki rive? Anviwònman an chanje ankò. Men fwa sa a li sèlman vin pi laj. Se tout yon zòn ki resevwa nou. Se ak tout yon kilti nou koumanse adapte nou. Se nan you anviwònman pafwa ki ostil a devlòpman nou nou oblije devlope.
Malgre sa nou pa gen lechwa nou vin yon ajan aktif anndan anviwònman nou an. Nou kab rache pyebwa oubyen plante. Nou kab touye yon ti zwazo oubyen ede l gen lavi. Nou kab poko konprann anyen nan koneksyon ki egziste ant diferan pati nan anviwònman men nou kòmanse aji sou anpil nan bagay ki antoure nou yo. Nou enfliyanse sou anviwònman an e li menm tou li enfliyanse sou nou.
Depi a laj de wit ou diz an nou koumanse fè yon chwa. Eske nap AAN oubyen nap AAP (Ajan Aktif Negatif oubyen Ajan Aktif Pozitif). Se devan responsabilite sa a ke nou kanpe depi nou gen lespri. Nou kab rache jete oswa plante kiltive oubyen blese touye oswa renmen bay lavi.
Egzèsis rapid pou fini
1. Ak yon sèl fraz di kisa ou kwè anviwònman ye
2. Si ou nan yon gwoup kòmanse yon diskisyon sou sijè a.
a. Nan zòn bò lakay ou ki pwoblèm ou wè anviwònman an ap sibi b. Eske gen ankenn mouvman pou ede anviwònman an bò lakay ou 3. Ki sa R.A.D. vle di?
a. R___________
b. A___________
c. D___________
4. Ki jan wap chwazi pou ye avèk anviwònman? Ou ap moun kap a. Rache Jete □
b. Plante Kiltive □
c. Blese Touye □
d. Renmen Bay lavi □
Modil II
Lesson 3 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an
Egzèsis ak diskisyon anvan nou kòmanse
Kiyès ou ye ? Ekri nan yon fèy papye yon fraz ke ou panse ki ka dekri ou pi byen. Rechèch :
❖ Mande de (2) moun ou konnen (youn fanmi ou, youn zanmi ou) kiyes yo panse ke ou ye. Mande yo eske yo gen yon fraz ki ka dekri ou pi byen.
❖ Mande de (2) lòt moun (youn fanmi ou, youn zanmi ou) pou yo ekri nan yon ti papye kiyès yo kwè ke ou ye epi mete l nan yon anvlòp kole ak lanmidon.
Objektif Pati sa a
Lè ou fin travay sou pati sa ou fèt pou :
1. Ki jan ou ka defini tèt ou
2. Kijan lòt moun wè ou
3. Ki tip pèsonalite ou ye
4. Ki jan ou ka ede anviwònman an
Sa nou dwe sonje
Lide nou fè nou de tèt nou se li ki vrè motè kap fè machin lavi nou mache. Kouman nou wè tèt nou kòm moun kap viv pa yon bagay ki fasil. Gen de lè menm nou ka di li difisil pou nou pa vle di enposib menm. Se poutèt sa gen zouti ki la pou ede ou konprann ki moun nou ye pi byen.
Kiyès mwen ye ? Kote m sòti? Ki bò m prale ?
Konnen ki moun ou ye dapre nou se premye pa ou ka fè pou ede anviwònman an. Se pa sèlman paske nou ka wè anviwòman e konprann enpòtans li, men sitou paske nou fè pati anviwònman an, paske nou se yon manm enpòtan nan anviwònman an.
Moun viv ak anpil idantite :
1. Nou gen idantite ki baze sou nesans nou. Pap gen de moun ki egzakteman men bagay. Idantite sa a li ranpli yon gwo wòl nan pèsonalite nou, nan koulè nou ak nan fòm chive nou. Se li ke nou genyen nan Adeyèn (ADN) nou.
2. Apresa nou gen yon idantite baze sou kilti nou. Se li ki detèmine leplisouvan, ki lang nou pale, ki manje nou renmen manje, ki dans nou pi renmen danse, ak lòt bagay ankò.
3. Pandan nap grandi, nou pran yon idantite ki vin baze sou sa nou kwè e pafwa sa nou kwè se li ki vin sèvi baz relijyon nou. Nou ka di ke plis ke lòt fòm idantite, sa nou kwè jwe yon wòl ekstraòdinè nan ede nou bati baz lide nou fè nou de tèt nou.
4. Pati sa enpòtan nan zye pa nou anpil paske lide nou fè nou de tèt nou se li ki vrè motè kap fè machin lavi nou mache. Kouman nou wè tèt nou kòm yon moun kap viv pa yon bagay ki fasil. Gen de lè menm nou ka di li difisil si nou pa vle di enposip.
5. Nanpwen moun ki vrèman kab gade tèt li nan yon fason objektif (sa vle di gade tèt li san konpleks, san li pa gen anvi pou bay tèt li kalite ke li pa vrèman genyen). Travay sa a nanpwen moun nou konnen ki ka rive fè l vre san yo pa mete yon ti flè sou chak ti fatra yo jewnn nan lavi yo. Se poutèt
sa gen zouti ki la pou ede nou konprann ki moun nou ye pi byen. Zouti sa yo se Tès Pèsonalite oubyen Tanperaman (Fig 1).
6. Epi yon lòt yo pa mansyone souvan ki baze sou lide nou fè nou de anviwònman kote nap viv la e plas nou okipe ladan. Gen lòt toujou wi men se sa yo selman nap site. Apre nou fin fè yon ti rale sou chak premye yo nap chita sou dènye a pi plis paske nan kad liv sa a se li ki pi enpòtan pou nou.
Nou se bèt, wi, men nou pa bèt
Keksyon kiyès nou ye ? Ki kote n sòti ? Ki bò nou prale se pa yon ti keksyon jwèt. Gen moun ki viv fou pase yo pa ka reponn keksyon sa. Yo viv lavi yo kouwè pyebwa ki san rasin. Nenpòt ti van dèyè manman pote yo ale pou ti krik ti krak. Se repons a keksyon sa a ki fondasyon sa nou ye, sa nap vle fè ak lavi, kouman nap konpòte ak lòt moun, ki bagay ki gen plis enpòtans pou nou, kisa ki pa gen ankenn enpòtans pou nou ditou. Lè nap viv lavi nou avèk yon bi devan je nou epi tout chwa ke nou fè depann de bi sa a se pi bèl bagay. Se sa kif è nou diferan de lòt bèt yo : nou gen mwayen pou n panse, fason pou n chwazi ki baze sou bon jijman. Nou pa aji kouwè kreyòl la byen di “kou bèt”. Sa vle di san jijman, jan nou vle an tèt cho, san ankenn kalkil.
Lesson 4 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an (kontinye)
Idantite Endividyèl nou
Nap di yon ti bagay byen vit sou kat(4) pèsonalite ak tanperaman nou jwenn pami moun sou latè. Fòk nou di ke 4 pèsonalite sa yo se fason kèk moun wè diferans nan moun kap viv sou latè. Sa pa vle di ou oblije pran sa yo di pou verite pwenfinal. Dayè pa gen yon moun ki gen sèlman youn nan pèsonalite sa yo. Se yon melanj chak moun genyen. Sa vle di gen moun kab gen pifò nan youn men yap ti kal nan chak lòt yo. Konprann byen se sigjessyon yo ye. Piga nou pran yo pou levanjil. Yo se sèlman youn nan teyori ki chache konprann moun. Gen plizyè lòt ankò. Men yo nesesè pou nou kab konprann moun e konprann tèt nou. Pou chonje yo, chache chonje “Gwo Kè Tèt Kò” [kòm si ou ta vle di gwotèt tikò].
a. Gwo Kòlèt
Moun nou rele “Gwo Kòlèt” la, se yon moun ki gen tandans chef. Se pa nan move sans kreyòl la non pou nou pran tit “Gwo kòlèt” la, kwake sa ka rive tou san edikasyon li ka vin yon frekan, li ka menm vin yon brigan. Se yon moun prefere toujou gen kontwòl tout sitiyasyon. Li toujou wè bon kote tout bagay. Li panse tout bagay posib ak fòs sèvo l ou byen ak fòs ponyèt li. Li gen dwa enkyete l anpil wi men sa pa anpeche l fè sa pou l fè. (Franse a rele “Bilieux”, angle a di “Choleric”)
b. Kè Cho a
Ki tip moun ou ye ? Eske ou se yon moun kèlkeswa sa k rive, ou toujou gen kè kontan. Lavi te mèt ap maspinen ou, malmennen ou se toujou bon kote bagay yo ou wè. Ou pa fè moun enmi. Ou pa kenbe rankin pou lontan. Men malgre tout
kè kontan ou ou bliye fasil. Ou trouve l difisil pou sonje kote ou met yon bagay. Ou se yon kè cho. (“Sanguin” an franse, an angle se “Sanguine”)
c. Tèt Klè a
Si ou se yon moun ki poze, kè ou pa janm twò kontan ni ou pa fache oubyen twò tris. Nan tout tanperaman yo se li ki pi estab. Tèt li klè. Lè li gen yon bi devan li kalkile l byen epi l chache fè kou konnen pou l rive atenn bi ya. Se pa yon moun kap kraze kò l dèyè pouvwa men li pap kite moun fè sa yo vle avè l, amwens ke gen yon bon rezon pou l kite yo fè sa.(Yo rele l “Flegmatique” an franse e “Phlegmatic” an angle).
d. Kò Mòl a
Se yon moun ki mou. Anpil fwa li yon ti jan deprime, kè pa kontan. Li pran anpil tan pou l fè sa li gen pou l fè. Li renmen rete poukont li. Okontrè se li pa gen moun bò kote l li vrèman santi l byen. Li pa yon lidè natirèl. Avèk bon antrènman epi eksperyans li ka arive degaje l men li pa twò renmen pran chaj anyen.
Desen 3 : Kat (4) Pèsonalite oubyen Tanperaman
Idantite Relijye nou
Pifò Ayisyen m konnen wè tèt yo kòm pitit Granmèt la. Pou yo se Bondye te kreye yo. Anpil ladan yo wè sa sou baz ankenn relijyon. Se pou yo yon repons natirèl a sa nou ta ka rele yon fenomèn klè. Yo wè yo egziste e yo konnen anyen pa ka egziste poukont li. Nan jijman yo li nòmal ke se yo gen yon kè kap bat, yo gen lavi, se pa ka yon bagay chans li ye. Kwayans sa a pou nou menm ayisyen li antre fon nan kilti nou. Se depi an Afrik nou sot avèl. Nou wè tèt nou kòm kreyati e poutèt sa nou fè tèt nou travay e nou kalkile si nou se kreyati fòk gen yon kreyatè. Kreyatè a pou nou se Bondye ou byen Granmèt la. Sa a se yon kwayans ki konekte pi fò Ayisyen e ki sèvi nou byen nan moman ki pi difisil yo. Se akoz de kwayans sa a yo ka di “Lespwa fè viv”.
Idantite Kilkirèl ak Rasyal nou
Se konsa tou nou ka di pifò ayisyen santi ke se nan Lafrik yo souche. Se la rasin yo ye. Desan lane esklavaj ke blan Panyòl ak blan Franse te fè nou sibi pa rive efase nan “enkonsyan kolektif”3 nou bèl souvni tè sa a kote zansèt nou yo te grandi. Ken ou se kreyen oubyen vodouyizan e menm si nou pa kwè nan anyen nou gen plòtonn chenn sa a ki konekte nou youn ak lòt. Nou konnen nan ka sa ki kote nou sòti e si nou soufri yon maladi an Ayiti se pa maladi moun ki san rasin, kokobe kip a konn istwa yo. Non nou menm nou fyè de rasin nou ki jouke jouk nan ginen. Nou pa gen pwoblèm ditou pou nou raple tout moun kouman nou te pran endepandans nou. Nou toujou raple yo e nou men chante l ke se pa kado blan te fè nou. Se pi bèl bagay ki te ka rive kote nou gen manman nou “listwa” ki pèmèt nou jwenn bon lèt nan manmèl li pou nou viv avèk fyète.
Preske tout Ayisyen ke l te al lekòl ke l pat al lekòl pataje fyète sa a. Nou se yon pèp ki lib, e libète nou an te koute nou anpil swe ak san. Anpil moun te mouri pou li. Men malgré idantite sa yo enpòtan anpil, malgré tout fyète nou genyen kòm premye pèp ki te goumen pou libète l e ki te arive kase chenn lesklavaj,
anyen nan tout sa pa rive ede nou fè devlòpman. Idantite nou anbrase e ke nou pi fyè de yo yo pa louvri pòt pwogrè pou nou. Pwoblèm nan sè ke malgré yo fò e rich anpil se pa idantite sa yo ki ap ka ede nou vini pèp kou reve ye a. Pou fè travay sa se idantite ikolojik nou ki kab ede n.
Idantite Ekolojik nou
Idantite ekolojik nou se fason nou wè tèt nou parapò ak anviwònman. Se pa sèlman wòl nou ladann men tou kisa nou ye pou li. Kisa li ye pou nou. Lè nou te pale nan leson ki sot pase anvan de wòl nou nan anviwònman, eske se wòl Reseptè, Adaptè oubyen transfòmè nou ranpli nan anviwònman nou tap pale plis de wòl chak moun ki se preske yon mask chak moun mete pou yo jwe pati pa yo nan teyat la. Men ki enfliyans dirab chak moun egzèse sou anviwònman an ? Ki sa nou ye nan tranzaksyon “banm m, ma ba ou” ki defini relasyon n ak pyebwa (banm m swen, ma ba ou ba ou fwi), rivyè (banm m : jere l byen, ma ba ou : lap sèvi ou byen, lap awoze tè yo), sous dlo, ravin, etsetera ki antoure nou kote nou pa pran pòz siperyè nou ak anyen. Se de sa nap pale. Yon idantite ki li menm dapre nou gen de aspè, de fas ki pa melanje.
1. Yon fas jeneral (m kopye ajisman mwen sou jan lòt moun aji)
2. Yon lòt fas pèsonèl, endividyèl (m fè afè pa mwen ki soti natirèl nan mwen).
Fas Jeneral la
Nou kwè ak tou fòs nou ke yon pèp konn aji pafwa menm jan ak gwoup myèl lè yap atake yon moun, yon gwoup zwazo kap vole ansanm oubyen yon nich foumi ka travay. Yo fè kankou yo tout ansanm se yon sèl kò a yo ye. Tout mouvman yo senkronize kouwè yon dans yon fason ou ta di se yon sèl bèt ki fòme de plizye ti bèt kap aji. Se sa gwo savan yo rele yon “òganis siperyè ou byen sipèòganis”4. Sa vle di yon òganis ki fòme ak plizyè lòt òganis.
Lesson 5 ̶ Konnen tèt tou pou ka ede anviwònman an (kontinye)
Move kote l
1. Lè yap aji ou ta di se yon sèl yo tout ye ansanm. Yon pèp pafwa konn aji konsa.
2. Moun nan, endividi a bliye tèt li nan mitan foul la.
3. Se sa foul la fè li menm tou li fè.
4. Nan idantifye tèt li ak foul la panse l yo vin pa pou li ankò li vin esklav foul la san l pa menm rann li kont. Li non sèlman pa gen pwoblèm ak sa li menm renmen sa.
5. Pou ou gen yon sipèòganis chak manm gwoup la oblije pèdi pèsonalite yo. Yo vin yon jan pi piti ke sa yo ta fèt pou yo ye.
6. Se sa ki kreye katastwòf la. Lè yon gwoup myèl sovaj lage sou yon moun se sa yo biye yo pa fè. Lè ou gwoup krikèt, vè oubyen zwazo tonbe nan yon jaden se ratibwaze yo ratibwaze. Lè yon pèp ki na enfòme tonbe sou yon peyi (pwòp peyi l) se fini li fini avè l. Se sa ki rive peyi dayiti. Nou tonbe sou mang yo, nou vare sou forè yo, nou kase ren mòn yo yo prèske pa ka kanpe.
Bon kote l
7. Men se pa mal sèlman li ka fè lè yon sipèòganis ap fonksyone yo ka fè mirak tou
8. Yo ka jwenn sik nan flè. Se gras a myèl yo nou jwenn myèl 9. Zwazo yo kab fè forè ̶ yo simen grenn toupatou ak tata yo 10.Gwoup la panse menm jan. Sa konn yon bon bagay. Yo tout aji menm jan
nan fè byen. Menm jan yo ka detwi yo ka bati tou. Yo ka kreye tou. Yo ka elimine chak koukouy klere pou je yo a.
11.Yo wè tèt yo menm jan nan rapò yo ak sa ki antoure yo. Yo kanpe drèt pou bay peyi yo jarèt.
Rapò nou ak peyi a
Rapò nou ak tè Dayiti, kouwè nap repete l plizye fwa nan liv sa a, se yon rapò ki difisil pou defini.
1. Wi nou renmen peyi Dayiti Men li lè pou n damou tè a ak tout sa ki ladan l
2. Wi nou te goumen pou endepans Men kisa n fè pou n pa depandan
3. Wi nou se yon pèp souvren Men ki lè nap sispann met tèt ansanm pou fè tenten
4. Wi nou se yon peyi agrikòl Men n abandone latè depi n te fè de jou lekòl
5. Wi nou ta renmen wè devlòpman Men fòn dakò pou n manyen dezagreman
6. Non pa gen mwayen nap ka rive Toutotan n pa dakò pou n bese
7. Non nou pap ka gen tèt ansanm Toutotan se pa yon tèt ansanm pozitif nap chache
8. Non tè a pap pou nou vre Toutotan nou pa pran swen l jan sa fèt pou l fèt
9. Non fyète pa konte pou anyen Toutotan pa gen la sante
10.Non nou pa ka goumen pou li Toutotan nou pa moute nou renmen l tout bon
Nou kab di klè ke nan mòd idantite ekolojik jeneral la nou aji kou wobo nan mitan pèp la. Sa l fè nou fè. Epi se la tout danje a chita pou anviwònman peyi Dayiti.
Reyaksyon sa a li natirèl men si se bagay pozitif sèlman li te bay nou tap pi kontan avèl, men malerezman li bay rezilta tèt chaje ki koute anviwònman peyi a anpil. Men se Bondye k fè tou nou gen sèvo, nou ka panse e se sa ki fas endividyèl la.
Fas Edividyèl la
Ou kab santi ou byen nan pami yon foul moun ap kraze brize menm jan ak yo. Ou kab pa santi ou wont lè ou pèdi pèsonalite nan pami yo, men nan sa ki gen pou wè ak anviwònman ou oblije kenbe eskanp figi ou. Ou pa ka chita ap fè sa tout moun fè.
Petèt ou se yon “Gwo Kòlèt” ou ka oganize gwoup pa ou pou sòti al prete menfòt a pil moun kap ede wè kisa yo ka fè pou retire peyi a nan katastwòf ekolojik lap sibi depi prèd 100 lane. Petèt ou se yon “Kè Cho”, yon lidè natirèl ki ka rale moun bò kote ou pou yon travay ki ka chanje figi peyi a. Ou byen ou se yon “Tèt Klè” ki toujou klè nan sa wap fè. Kè poze ou ka trase egzanp kap ede jèn kou granmoun pou yo konnen sa yap regle pou peyi a e konprann valè yon bon anviwònman reprezante pou tout moun. Si ou se yon “Kò Mòl” se pa yon move bagay ditou. Ou ka ede n pase ak bèl solisyon ki ka wete peyi a nan sa li ye jodi a nan zafè ki gen pou wè ak anviwòman. Kèlkeswa moun ou ye e tanperaman ou genyen ou bezwen mande tèt ou ki wòl ou vle ranpli NAN anviwònman an Ayiti: Yon Reseptè, yon Adaptè ou byen yon Transfòmè. Epi ki wòl ou vle ranpli POU anviwònman an. Ou ka yon Aranjè, yon Netralizè, yon Gadyen, yon Enfòmè. Se sa nou pral etidye nan Modil 3. Pa bliye Lide nou fè nou de tèt nou se li ki vrè motè kap fè machin lavi nou mache. Kouman nou wè tèt nou kòm moun kap viv pa yon bagay ki fasil.
Egzèsis pou fini
Pran tès pèsonalite a ki nan pag dèyè li la.
Modil III
Leson 6 ̶ Kominote a
Egzèsis ak diskisyon anvan nou kòmanse
❖ Diskite ant nou si ou nan you gwoup sou ki sa ou te konprann kominote vle di. Ekri repons ou yo nan yon kaye elèv la ki vini ak liv sa a. Ki jan ou konprann moun ki antoure ou konprann mo sa?
❖ Depi ki lè wap viv nan kominote kote ou ye a ?
❖ Ki jan ou wè wòl ou nan kominote ou la ?
Objektif Pati sa a
Lè ou fin li pati sa ou fèt pou :
1. Kisa ki yon kominote
2. Diskite diferan wòl moun ka jwe pa rapò ak anviwònman an 3. Ki wòl ou ka jwe ladan l
Sa nou dwe sonje
Ou se yon poto mitan nan kominote kote wap viv la. Se fòs ou, se sèvo ou se konesans ou, se devouman ou, se eksperyans ou kap fè kominote a kanpe san l pa janm tonbe. Si ou retire kò ou li kab pa kraze la menm men lap fele tout bon. Li pap fouti solid menm jan li te ye anvan.
Prezantasyon
Plas mwen nan kominote m nan
Kisa ki yon kominote? Anatandan an nou di sa sosyològ yo di lè yap defini mo “kominote” a se kote yon gwoup moun ap viv ki pataje ou valè bagay ansanm. Men se pa sa li ye vre. Gen yon lè yo te konn panse ke gwoup moun sa a se te yo sèlman ki kominote a paske yo te anvizaje kominote sou baz lang moun pale ak kilti yo, mès yo, manje yo manje, dans yo danse, jan yo abiye, etsetera. Men nou konnen kounye a ke yon kominote bokou pi plis ke sa.
Si nou fè yon apwòch kimarye sosyoloji ak ekoloji nou ka di yon kominote se non sèlman moun ki ladann yo men se tout bagay ki ladann ak jeografi kote li sitiye a. Yon kominote se pratikman yon anviwònman ke li gen moun oubyen li pa gen moun ladan l. Gen lòt gwo savan sosyològ ki ale pi lwen. Yo kwè, e pou fòmasyon sa a nou dakò ak yo sanpousan, se pa moun ki fè yon kominote se plis kominote ki fè moun. Oke m konprann nou gen dwa pa fin dakò avè m. Moun enfliyanse kominote kote yo fèt, kote yo grandi, kote yo evolye men se toujou kominote a ki kòmanse enfliyanse yo anvan. Se sa nou vle di.
Alòs ki sa yon kominote ye? Si nap aksepte definisyon biolojist yo pito nou ka di se yon plas, yon zòn ak tout sa ki ladan l. Si li gen moun dakò men se pa moun ki fè li vin yon kominote. Si nap panse ak enfliyans sa li gen ladan l yo youn sou lòt e sa yo genyen sou li menm jan ak enfliyans li gen sou yo fòk nou ta di ke kominote a se se yon bouyonmini trafik enfliyans ki etabli ak tout manm ladan l ant yo, sòti sou pousyè ki pèmèt oubyen ki pa pèmèt kèk pyebwa leve rive sou pyebwa ki atire kèk zwazo e ki pa atire lòt oubyen yon dezè san pyebwa je moun kab wè ki atire mabouya ak koulèv ki renmen chalè.
Se pa lè moun rive yon kote, kote sa a tounen ou kominote. Lide diktatè kolonyal sa a lèzòm bezwen retire li nan san yo. Se yon pozisyon grandizè ki mete twòp kominote an danje. Moun rive yo panse yo se sèl chèf epi yo toube kraze brize. Se pa fasil pou premye sa ki vin nan tèt yo se “pwoteje”. Yo rive angranman epi densèlkou yo panse yo ka fè sa yo vle. Eske gason ak fi nan yon kominote gen rezon pou yo twouve yo espesyal? Wi. Sa se san mank. Men se pa pou yo detwoui. Okontrè avèk kapasite lèzòm pou yo pase lojik genyen ki fè li diferan de lòt zannimo se plis responsabilite ki tonbe sou tèt li. Li fèt pou panse byen. Lè li antre nan yon kominote gen lòt bagay vivan ki te la anvan e yo merite respè.
Alòs ki wòl ou kòm moun nan kominote ou? Ou ka parèt si ou konn yon granchèf epi ou tonbe kraze brize. Ou ka fè tèt ou sanble ak yon diktatè, yon gwo kolon ki ante nan kominote a ki pi gran pase ou, kite la anvan ou epi ou tonbe fè e defè jan ou vle. Men ann tou di l la a. Nanpwen anyen ou fè lanati pou lanati pa vanje. Jan ou trete l se menm jan lap trete ou. Ou aji an bosal avè l. Ou koupe pyebwa san gade deyè anben ou te mèt al chita tann li. Lè siklòn oubyen tranbleman de tè lap fè ou peye sa. Gen de lè li pa menm tann gwo katastwòf sa yo pou fè ou konnen te mal aji avè l. Li fè lapli pa tonbe, li fè sa ou plante pa leve. Kwè m si ou vle depi ou maltrete lanati lap maltrete ou tou. Li kenbe moun ki te mechanavè l nan kè. Pa gen anyen kap fè li padone ou toutotan li pa fè ou soufri.
Alòs ki wòl ou kòm moun nan kominote ou? Ou gen plizye opsyon. Ou ka yon Aranjè, yon Netralizè, yon Gadyen, yon Enfòmè. Depi ou sonje kouman A N G E eple wap ka sonje wòl sa yo. Ou ka chwazi ki wòl ou vle ranpli. Youn, de oubyen tout ansanm. Ann wè ki sa yo chak vle di. Epi apre ou a chwazi.
Aranjè a se sèvo tout mouvman pou pwoteje anviwònman an. Li se yon doktè, yon voyan, yon gerisè ak yon pwofèt anndan anviwònman an.
Se yon moun ki parèt nan anviwònman an premye sa li wè se pa ranpli pòch li ka sa li jwenn nan fè lanati travay pou li. Li konpran ke menm jan avè l pyebwa yo pa la pou chans yo gen wòl pa yo nan anviwònman an. Koupe yon pyebwa san rezon, e pafwa menm si ou gen yon bon rezon, se yon agresyon kont anviwònman an e anvan lontan, yon fason oubyen yon lòt, lanati ki pap manke kenbe l nan kè, ap vanje kanmenm. Aranjè a konnen pou l pa moute lestomak li devan sak pi gran pase l. Sal fè lè l parèt nan anviwònman an li annik voye je l li wè pwoblèm ki genyen ki ka lakòz gwo traka pita. Li wè yon pye zoranj ki malad ki bezwen remèd, li wè yon sous dlo ki bezwen pwoteksyon paske moun fè bezwen yo twò pre l. Li wè yon rivyè ou byen yon lanmè kap ansable li pran lòt moun met avè l pou rezoud pwoblèm nan. Menm lè yo pa ka rezoud li o pa fè bèkat, yo chache òganizasyon ki ka ede yo.
Netralizè a kè tout mouvman pou renmen anviwònman an. Li se yon rasanblè li reyalize bonè ke chire pit se zanmi la mizè.
Se yon moun ki konprann byen ke pi gwo maswife anviwònman ap moute se hyinghyang ant moun ki pou ta ap pwoteje l yo. Netralizè a nou ka konsidere l kòm filozòf zòn nan (pa filozòf nan sans moun ki te pase sou ban lekòl, ki fini klas li, ki aprann anpil e ki kenbe anpil bagay nan tèt li. Okontrè yon gwo filozòf pa chita ap repete tout sa li tande. Sa ki bay filozofi tout fòs li se nouvo lide, ou nonm ki sot kote l sòti ki tonbe di yon pil bèl bagay ankenn moun anvan l pat janm panse pou yo te di. Eske li konnen sa lòt moun te di anvan l? Byensnsi. Li chache konnen yo tou men pa pou l ka annik vomi yo menm jan li te aprann yo). Netralizè se yon filozòf paske li fè (PAW). 1) Li panse pi byen, 2) li angaje l pi plis, 3) li wè pi lwen ke lòt moun. Li toujou gen lespwa bagay yo gab chanje e pi li pa jan m sispann goumen pou sa. Se yon saj tou li ye. An nou di yon pwofèt ki ka wè nan fè nwa. Li toujou ap rasanble moun pou fè kominote a mache pi byen. Li wè moun ap goumen li pa kouri pran pati ni pou youn ni pou lòt. Li prefere ret net (neutre) lè li wè moun pa ka antann yo. Paske li konnen byen ke nan yon anviwònman kote ki gen chire pit kafe tout moun koule ak ma. Kote ki gen goumen fè tètansanm, ki se sèl remèd pou tray anviwònman ap ase, vin difisil anpil pou n pa di l enposib.
Leson 7 ̶ Kominote a (kontinye)
Gadyen an se fòs tout mouvman pou sove anviwònman. Li se yon fanm oubyen yon gason vayan, yon solda kap defann anviwònman an avèk tout sa l genyen. Yon gadyen ki pa dakò pou ekip anviwònman an pran gòl nan men ankenn moun: ke l te fanmi, zanmi, gouvènman, peyi letranje, gwo biznis, nenpòt ki sa li ye a.
Aranjè a aji sou pyebwa, sous dlo, mòn yo, li ranje sak pa bon. Li geri sak malad. Netralizè a se plis ak moun ki nan anviwònman li annafè. Li jwe wòl yon rasanblè. Li se yon Mannwèl. E kouwè potorik gason sa a nan liv Jacques Roumain te ekri a, li konnen gen danje nan goumen pou tètansanm pami peyizan, men li goumen kanmenm.
Gadyen an li menm se yon siveyan, yon solda, yon denonsè ki pa dakò pou moun blese, maltrete, toupizi anviwònman an, pase dwa bèt anba pye, anpwazonnen avni ti moun yo nan fè de bagay ki non sèlman mete anviwònman an danje men ki riske met lavi moun tou an danje. Fanm sa a, gason sa a li tou prèt pou denonse dilatwa kap fèt sou do anviwònman an. Moun ki pran pòz yap travay pou sove anviwònman nan tray li ye men ki anba anba ap detrwi pou sove pòch yo. Nan tout sa nou site la a se travay Gadyen ki pi danje. Moun pran prizon pase yo kanpe ankwa devan malfektè ki wè tèt yo sèlman nan zafè anviwònman. Gadyen an pran prizon pase li pa dakò pou l fè bak devan yon devwa li konsidere kòm yon devwa sakre pou l defann anviwònman an men si se ak la vi l.
Pou fini ann pale de Enfòmè a. Enfòmasyon se san kap koule nan venn tout mouvman kap fèt an favè anviwònman. Tout gwo bagay kap regle bezwen enfòmasyon pou la ka fèt byen. Kominikasyon se bagay ki pafwa pi enpòtan anndan yon mouvman. Mo Enfòmè a nou pap itilize l nan fòm franse a ki vle di moun ka pote ale, pote vini, kap fè ti pil gwo pil sou do moun pou kreye divizyon. Non se pa nan sans sa a nou menm nap anplwaye mo a la. Enfòmè pou nou nan kad anviwònman an ak pwoteksyon anviwònman se youn ki byen enfòme sou pwoblèm anviwònman ak pwoteksyon dirab anviwònman e ki pa chich ak sa li konnen. Li se yon Enfòmè nan sans li se youn kap fòme tèt li e enfòme lòt moun sou sa li konnen. Li se yon fòmatè, yon edikatè sou anviwònman an. Li pa ka bay sal pa genyen. Se poutèt sa nou di li se youn ki pa janm sispann chache konnen tout sa li ka jwenn sou bagay ki gen pou wè ak anviwònman an pou ke li kab toujou gen bon jan enfòmasyon pou l pataje ak lòt.
Si wap li liv sa a se paske menm jan ak nou ou gen yon pasyon pou bagay ki gen pou wè ak anviwònman. Nou sèten kounye a menm wap mande tèt ou kiyes mwen ye nan kat tip moun sa yo. Enben fòk nou di ou, ou pa oblije youn sèlman. Ou kab youn oubyen de, oubyen twa oubyen youn tikal nan chak. Nan dènye paj liv sa a pami dokiman ke nou mete yo gen yon tès ou ka pran pou ede ou dekouvri ki meyè wòl ou ka ranpli nan travay enpòtan sa pou n konsève, repare, pwoteje anviwònman nan peyi nou oubyen kèlkeswa kote nou pase. Nou gen yon sèlti planèt la pa gen de. Ann goumen pou genbe an sante yon kominote alafwa.
Pa bliye ou se yon poto mitan nan kominote kote wap viv la. Se fòs ou, se sèvo ou se konesans ou, se devouman ou, se eksperyans ou kap fè kominote a rete djanm. Si ou retire kò ou li ka pa kraze la menm men lap fele. San ou li pa fouti ret solid menm jan li te ye anvan.
Egzèsis rapid pou fini
1. Apre ou fini li leson sa a ki jan ou wè wòl ou nan kominote ou la kounye a? 2. Si ou nan yon gwoup kòmanse yon diskisyon sou sijè a.
a. Bay kèk egzanp klè travay ou wè ou ka fè nan kominote ou la
b. Eske ou pran Tès pou detèmine ki tip zanmi anviwònman ou ye? c. Eske ou santi sa tès la di a se vre ?
3. Ki sa A.N.G.E. vle di nan konteks leson sa a?
a. A___________
b. N___________
c. G___________
d. E___________
Ann Chache Konnen
4. Chwazi youn oubyen de lòt patnè kòmanse panse sou yon plandaksyon (Sa a se yon travay rechèch. Menm si ou poko fin konprann li nèt fèl kanmenm apre wap gen pou ou amelyore l fèl vin pi bon).
i. Chwazi yon sektè
ii. Chwazi you pwoblèm
iii. Dekri pwoblèm nan
iv. Diskite solisyon an
1. Premye pa
2. Dezyèm pa
3. Twazyèm pa
4. Katriyèm pa
v. Eske pwoblèm nan rezoud ?
vi. Si li pa rezou ki sa nou konte fè ?
Modil IV
Leson 8 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen
Egzèsis ak diskisyon anvan nou kòmanse
Diskite ansanm :
❖ Kisa yon peyi ye?
❖ Kisa yon kote fèt pou l genyen pou yo konsidere l yon peyi? ❖ Prezidan Ameriken an John Fitzgerald Kennedy nan yon diskou l te fè di pèp Ameriken an konsa e sitou jèn yo :“Piga nou mande tèt nou ki sa pou peyi a fè pou nou. Mande pito kisa nou kab fè pou peyi nou.” Eske ou dakò avè l ?
Objektif Pati sa a
Lè ou fin li pati sa ou fèt pou :
4. Konprann kèk nan gwoupman moun ki egziste: fanmi ak tribi (natirèl), peyi (atifisyèl)
5. Konpran pwoblèm yon “lespri tribal” poze.
6. Wè wòl ou ka ranpli pou ede peyi a vanse
Sa nou dwe sonje
Anpil fwa an nou di Ayiti se pa yon peyi. Pawòl sa pa yon pawòl piti. Ladan l nou jwenn tou kòlè, fristrasyon ak dezespwa yon pèp. Ann sispann repete bagay moun sòt sa a, pawòl parazit sa a ke peyi Dayiti pa yon peyi. Ann dechouke lespri tribal chak koukouy klere pou je l la ki anvayi tè Dayti pi mal pase yon kansè ki prèt pou touye l.
Prezantasyon
Kisa yon peyi ye ? An nou di sa byen vit tout peyi pa peyi. Non se pa tout peyi ki peyi. Se pa paske yon bagay sanble ak ze pou nou rele l ze gendwa se kakapoul tou li ye. Kisa ki defini yon peyi ? Eske se fòm gouvèlman l ? Eske se richès li ? Eske se sa li kab bay pitit oubyen sitwayen li yo ? Eske se moun ki ladan l kif è l yon peyi oubyen se peyi a kif è moun ki ladan ? Eske li yon pi bon peyi si li bay moun ki entelijan oubyen li se yon move peyi si li bay yon pil moun kip a ka panse pou tèt yo ? Kisa yon peyi ye ?
Yo defini yon peyi kò yon teritwa ki gen pwòp gouvèlman l e ki pa kole ou byen sou lòd ankenn lòt peyi.
Yon Tribi5
Oke men ki sa ki rive. Yon group moun ki okipe yon teritwa, menm si teritwa laj anpil gendwa sèlman yon tribi. Sa vle di yon gwoup moun ki pi souvan se yon gwoup plizyè fanmi ki gen lontan depi yap viv ansanm. Yo gen fòm gouvènman pa yo ak youn oubyen plizye chèf nan tèt yo. Yo gen fòm kilti pa yo. Si yo konprann ki sa yon ras ye, moun sa yo konsidere tèt yo kòm fè pati yon sèl ras. Kifè apre yon fanmi, ak yon klan (ki vle di pafwa yon nèg ak plizyè manman pitit) se tribi a ou jwenn. Yo aksepte nan pami yo lòt moun ki pa obligatwaman lye dirèk dirèk ak yo, yo angaje yo avèk yon sistèm lidèchip, lwa ak regleman, pou nou viv ansanm. Men tout sa se yon devlòpman natirèl ou kiltirèl ki gen dwa fòme ak lagè, goumen ki vin ranfòse koneksyon ant fanmi yo, men se fòs relasyon ki egziste anndan yo ki kreye yo. Nou pa ka jwenn nan listwa ankenn egzanp tribi ki te fòme kote si yon lòt gwoup moun ki te fòse l fòme. Sak te bon nan tribi a se sitou li te parèt klè pou tout moun ladan l ke egzistans chak depann youn de lòt. Pat ka gen twòp trayizon, move mouvman ki rete san pinisyon. Se sèten gen enjistis kite fèt menm jan wap jwenn sa nan tout sosyete, men nan yon tribi yon
grenn moun pa konte se tout kominote a ki kanpe youn ak lòt kòm yon sèl moun. Byen ak sekirite kominote pase anvan byen ak sekirite yon moun.
Lespri Tribal
Men yon tribi gen move kote l tou lè se yon gwoup moun ki konsidere tèt yo twò apa pou yo pra pa ak lòt moun. Yo menm konn anpeche lòt moun antre nan pami yo. Sa rann yo soudevlope, kokobe, limite nan tout sa yap fè. Se sak fè savan yo pale de lespri tribal. Sa vle di moun nan kannannan nan jan l panse. Lespri li pa louvri pou l wè mond lan jan li ta fèt pou li wè l. Konsekans yo konn grav ak fòm panse sa yo. E sa l konn fè sou anviwònman an pi grav ankò. Lè moun wè tèt yo sèlman, lè yo pa fin konprann ke tout jan tout mannyè nou youn konekte ak lòt, yo pa konprann ke chak sa youn fè gen efè sou lòt moun tou. Pa egzanp, se espri tribal kifè nou panse ranpli pòch nou oubyen plen vant nou avan nou panse ak bezwen e soufrans lòt moun. Kay la ki bati nan ravin nan, fatra ki jete nan rigòl la moun ki gen lespri tribal la pa janm ka wè kouman sa ka fè lòt moun malad, soufri oubyen mouri tou. Moun sa a li pa pè volè bagay yon lòt moun pou l anrichi tèt li san l pa kalkile mizè moun nan kap pèdi a. Se menm lespri tribal sa a ki fè moun rayi yon lòt kap fè pwogrè paske pou li si lòt la pi byen pase l se yon move bagay. Kifè ak lespri tribal la olye pou se ta enterè kominote a ki pase anvan se yon moun ki met nan tèt li li se yon tribi e ki kwè enterè pa l fèt pou pase anvan enterè pa tout lòt moun.
Men si nou ta kite kote negatif tribi dekote se yon evolisyon natirèl nou wè li ye nan jan moun viv nan yon sosyete. Se prèv ke tètansanm bay bon rezilta menm lè li pa sanfot, menm lè li pa pafè. Nou kwè ke tribi a se fòm gouvènman ki pi nan san nou. Se pa yon bagay nou goumen fè men li mache tèlman byen, li tèlman ede kenbe nou anvi, nou toujou pre pou nou mouri pou nou ka konsève l. Tribi a alòs se yon fòm kominote ki pi solid ke fanmi ak klan. Se premye jèfò
lèzom fè pou yo met tèt ansanm nan bi pou yo viv oubyen mouri ansanm. Nan yon fanmi ak yon klan nou poko gade pi lwen nwayo fanmi an. Lòt bèt kouwè lyon, lou ak myèl arive viv ansanm men raman yo depase nivo klan. Nou menm moun nou te dekouvri bon kote tètansanm nan bonè. Nou remake bonè si nou pi plis nou pi fò. Tètansanm bay fòs. Se sak ki ban nou tribi. Yon evolisyon natirèl ki aprann nou de bagay kle ki pral sèvi fondasyon siperiorite moun nan lanati : 1) Aksepte nan pami nou lòt moun ki pa obligatwaman lye dirèk dirèk ak nou, 2) Angaje nou avèk yon sistèm lidèchip, lwa ak regleman, pou nou viv ansanm.
Apre fanmi an (yon papa, yon manman ak pitit e pafwa pitit pitit yo), klan an (yon papa ak tonton, matant, yon ou plizyè manman ak tout sèl ak frè l yo e fanmi pa yo), Tribi a se denye gwoupman natirèl moun ak moun. An tèm ekonomi nou kwè se premye fòm kowoperativ lèzòm envante pou yo kab kontinye egziste. Tout lòt ki vin apre yo dapre nou ke se domèn, wayòm, peyi, eta ak pwovens sn konte òganizasyon ak enstitisyon, yo tout se bagay kolepyese, se yon seri de fòmasyon atifisyèl ki pa devlope natirèlman oubyen kiltirèlman. Se bagay yo fòse fè e sa pa janm sispann gen efè, leplisouvan negatif, sou kalite anviwònman an.
Leson 9 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen (kontinye)
Yon Peyi
Dapre sa nou sot di la a peyi diferamman ak fanmi, klan e tribi pa fòme yon fason natirèl ki parèt paske gen yon bezwen pou sa. Se pa bezwen yon gwoup moun pou yo siviv ki fè yo kreye yon peyi. Dapre nou, kòm nou te di l, se tribi a ki dènye faz natirèl gwoupman nesesè moun pou yo reponn ak bezwen yo. Yon peyi se sa ou ta rele leplisouvan yon amalgam, yon kolepyese de gwoup ak moun ki pa gen anyen pou yo wè youn ak lòt. Eske gen peyi omojèn (ki vle di ki fòme apati yon sèl gwoup moun ki dekoule de yon sèl fanmi)? Si genyen, yo pa anpil. Pifò peyi se plizyè gwoup diferan ki kreye yo. Se gras ak lagè yo fèt. Se anvi pouvwa moun ki vle dirije moun, moun ki vle kenbe lòt moun anba pouvwa yo pou yo ka santi teritwa pa yo ap grandi ki konn kreye yon peyi. An nou di sa klè se pa obligatwaman nesesite natirèl ki kreye yon peyi se anvi lajan, anvi pouvwa ak anvi libète ki bay preske tout peyi egzistans yo.
Men anvi libète a li pa twò diferan pafwa de anvi lajan ak anvi pouvwa. Anpil fwa se li yo met devan pou yo ka fè yon mesaj pase, men se pa li vre ki premye bi a. Fòk nou di tou ke lè nou pale de anvi libète ak anvi pouvwa se pa di nou vle di ke yo pa bon kòm rezon pou kreye yon peyi. Li te kab pi bon menm pou nou pale de bezwen olye nou di anvi. Bezwen tap fè l parèt pi klè, pi senp. Li tap ba li imaj li merite. Imaj yon bagay lejitim paske nou kole bezwen anpil fwa ak dwa: dwa yon moun gen pou l viv, dwa li genyen pou l manje, dwa l pou l aprann tout sa yo se bezwen yo ye tou. Yo pa egzakteman anvi. Anpil moun gen dwa ke yo pa menm konnen. Pa egzanp dwa yon moun pou l aprann. Kifè anvi lajan tap pi bèl si nou te di bezwen lajan pou byen viv. Men si nou ta di l konsa se tèt nou nou tap manti. Se anvi ki fè moun goumen pou sa ou vle, pou sa ou renmen. Se anvi ki bay lagè, se anvi ki pouse moun goumen pou yon peyi ka kanpe. Bezwen pa ka fè sa.
Alòs kisa ki karakterize yon peyi? Ki lè nou ka rele yon kote yon peyi? Anpil fwa an Ayiti nou di se pa yon peyi. Pawòl sa pa yon pawòl piti. Ladan l nou jwenn tou kòlè, fristrasyon ak dezespwa yon pèp. Yon moun kab menm mande poukisa nan yon liv ki la pou nou pale de anviwònman nou ale nan tout literati sa yo ? Se paske nou se pitit tè a e nou konprann nn ki eta pèp la santi yo malveyan avè l. Se pa yon ti pawòl jwèt non. Se yon kri S.O.S. yon gwoup moun kap peri ki di yo santi yo poukont yo nan mitan yon lanmè vag ap moute byen wo, bato yo prèt pou koule nanpwen moun ki di anyen. Ou ta di menm yo tande yon pil griyen dan sou plaj la padan lavi yo yo menm ap fè fon.
Ayiti se yon Peyi
Men Peyi Dayiti se yon peyi. Li pi peyi ke anpil lòt peyi.
1. Tè a se pou nou li ye
2. Nou konnen byen ki date peyi a te kreye
3. Nou konnen ki valè san ki te koule pou mirak sa a te fèt
4. Nou genyen yon manman lwa ki deside kouman pou nou viv youn ak lòt 5. Nou gen tout enstitisyon yon peyi bezwen pou li fonksyone 6. Nou gen yon istwa mevèy nou gab rakonte. E se pa yon ti istwa jwèt
a. Menm si yon pati ladan l ta lejann se pa pwoblem tou gwo peyi gen lejann pa yo
b. Men gen pati ladann ankenn moun pa ka pèmèt yo nye
i. Yo te anvayi tè sa a
ii. Touye tout endyen yo ki tap viv ladann
iii. Brote zansèt nou yo sot Lafrik pou vin travay gratis plen pòch vakabon
iv. Se kidnape yo te kidnape yo nan forè Lafrik
v. Lòt nwa parèy nou te konplis ak blan nan komès sal sa
vi. Yo vann nwa yo anpil kote an Amerik men se pa lè sa vye komès la te kòmanse
vii. Depi yon bon ti tan an Ewòp ak lòt kote te jou gen komès moun apvann moun
viii. Men sa yo te fè nan amerik la te pi rèd pase tout
ix. Se pa milyon pandan plis ke de san lane yo te brote moun vin vann yo kou bèt
x. Ayiti te resevwa anpil nan malere sa yo
xi. Yo rive sou tè a san anyen: san dwa, san pouvwa, san espwa blan te menm panse yo san nanm
xii. Men sa pat dire lontan yo aprann konnen ke nou pat zonbi
xiii. Apre anpil ti esè ki echwe gwo gè pou endepandans nou an reyisi
xiv. Blan panyòl, blan angle, blan franse tout pran pa yo nan men nou
xv. Yo tout te oblije rache manyòk yo bay tè a blanch
xvi. Esklav yo, zansèt nou yo vin mèt tè a. Se pa ti bagay jwèt sa ye
xvii. Yo te pran nou pou kokobe san nanm men nou fè yo wè sa n peze. Nou ba yo sa yo merite
xviii. Men se domaj. Apre bèl bagay sa nou gaspiye viktwa. Nou pa moutre nou te merite libète a pase se nan hinghang nou tonbe. Nou avili tèt nou nan chirepit. Nou vann pati pa nou an nan zile a. se sou eskelèt li nap viv.
xix. Nou vann tout forè nou yo san gade dèyè. San nou pa panse ak pitit nou demen.
xx. Kounye a se yo ka peye pokase a. Men Bondye fè tout yo pi entelijan ke papa ak gran papa yo. Medam yo pi djanm jodi a. Yo pa sòt yo gen lespri. Sa manman yo pat konn pou yo te fè yo menm yo ka fè jodi a.
7. Se yon peyi nou genyen. Se pa li ki pou fè nou moun. Se nou ki pou fè l yon peyi jan nou ta renmen l an.
Nou kab wè ki wòl nou gen pou nou ranpli nan peyi sa. Li lè li tan pou tout pitit li yo met ansanm pou ba li jarèt pou l kanpe. Li lè li tan pou nou pran responsabilite nou, pou nou sipann di kisa peyi a ka fè pou nou men pou nou jwenn kisa nou ka fè pou peyi a.
1. Ann sispann repete bagay moun sòt sa a, pawòl parazit sa a ke peyi Dayiti pa yon peyi (a mwen ke se pwezi wap fè ou byen ou di pandan ou fache men ou konnen se pa vre).
2. Ann wè si n ta kraze lespri tribal chak koukouy klere pou je l ki anvayi tè Dayti pi mal pase yon kansè ki prèt pou touye l.
3. Ann kòmanse jodi a wè ki wòl nou ka ranpli pou nou fè l peyi nou vle pou l ye a. Si nou te kab fè mirak 1804 la kote gwo fòs mal yo te kanpe devan nou pou yo toupizi nou alò se pa ti sa a pou nou pa ka fè.
4. Ann fè tèt ansanm pase fwa sa a sak kanpe devan nou se pa lòt moun ke nou menm menm ak mantalite konplekse nou genyen.
5. Ann siveye konpleks yo. Yo vin tout jan. Yo pran tout koulè. Pa egzanp, ou santi ou twò fò pou fè yon seri de djòb ; ou santi ou pa fò ase pou atenn yon sèten nivo ; ou tou prèt pou rayi sa kap pwogrese ; ou wè se pati pou pati se sèl jan ou ka reyisi ak anpil lòt ankò)
6. Ann vire bil lavi pou nou wè kouman nou ka reyisi.
Leson 10 ̶ Plas pa mwen nan peyi mwen (kontinye)
Peyi Dayiti
Se anvi libète ki kreye peyi Dayiti. Te gen anvi men malerezman pat gen plan e pi gwo viktim pwoblèm sa a se anviwònman an ak moun ki ladan l. Oke an nou di l yon lòt jan te gen twòp plan. Paske peyi a se pat yon evolisyon natirèl de yon sitiyasyon ki te mande sa. Se jan nou sot wèl la a. Se yon amalgam de anpil moun ki sòti anpil kote diferan yo chak te gen enterè pa yo yo tap defann. Sèl gwoup dapre nou ki te gen yon sèl anvi klè se te esklav yo. Yo te bezwen libète. Men lè yo fin ta jwenn li yo pat prepare pou yo jere l. Bagay la te menm pi grav. Esklav la apre blan franse fin ale pi gwo enmi li te genyen ki kanpe devan l, ki reprezante desan lane swe, san, kout baton ak lanmò se anviwònman an. Te gen yon detachman nou ta ka rele patolojik, maladif ki pa nòmal ant esklav yo ak sèl bagay ki pou ta ede yo jwenn endepandans ekonomik yo : tè ya.
Esklav yo pat ekspè nan plante. An Afrik si yo te janm plante se pat premye mwayen yo te genyen pou yo te manje. Yo te konn forè a byen. Se sak fè mawon yo ta pral genyen batay la ak blan franse. Touf bwa te zanmi yo. Yo te alèz nan yon aviwònman kote yo santi se te kòm si se an Afrik yo te ye ankò. Men travay tè se yon lòt fòm lavi. E yo pat prepare pou li.
Endepandans peyi a se pi bon bagay ki te janm rive l depi Kristòf Kolon te met pat pye l sou tè a. Men divèsite ki anpil fwa se yon fòs, yon bon bagay li ye te petèt pi gwo andikap nou nan jou apre gwo viktwa nou te genyen sou fòs dyab yo rele Napoleon an. Kòm nou te fè remake l esklav yo te detache avèk yon tè ki depi yo konnen l te sèvi pou fè yo pase mizè. Tè a ki te kab sovè yo pou ede peyi a devlope te anbèm, senbòl tout peripesi yo te andire. Kòm konsekans anviwònman an peye pokase a. Konprann sitiyasyon an byen ki pral lage nou nan tèt chaje nou ye jodi a :
1. Zansèt nou yo te abitye ak forè plis pase kote ki lib pou plante 2. Lanati te pran swen yo san yo pat bewen fè twòp
3. Tout sa yo te bezwen fè se fè atansyon pou yo pa gaspiye sa yo jwenn 4. Depi yo debake sou tè Dayiti youn nan pi gwo ènmi yo se tè a 5. Apre endepandans yo moutre detachman yo a tè a nan malmennen l 6. Yo pat gen kapasite ki nesesè pou genbe anviwònman djanm
7. Yo pat gen konesans ase pou te prevwa katastwòf ki ka rive si yo neglije anviwònman an
8. Yo pat fè eksprè men apre yon ti tan yo te ka wè bagay la koumanse grav
Anpil fwa an nou di Ayiti se pa yon peyi. Pawòl sa pa yon pawòl piti. Ladan l nou jwenn tou kòlè, fristrasyon ak dezespwa yon pèp. Ann sispann repete bagay moun sòt sa a, pawòl parazit sa a ke peyi Dayiti pa yon peyi. Ann kraze lespri tribal chak koukouy klere pou je l la ki anvayi tè Dayti pi mal pase yon kansè ki prèt pou touye l. Nan kòmansman 21èm syèk sa a nou pa ka fè bagay yo menm jan ak fanmi nou yo yo te kidnape an Afrik e yo te vin jete sou zile Dayiti. Plas nou nan peyi ya pa menm janm ak jan sa te ye pou zansèt nou yo. Si nou ta konsidere peyi a apre endepandans kouwè yon sistèm edikasyon kolektif fòk nou ta di an 1804 se nan jadendanfan ke moun nou yo te ye nan zafè anviwònman. Ki kote nou kwè nou ye jodi a. Nan sa ki gen pou wè ak anviwònman, nan ki klas ou ye nan inivèsite lavi a ?
Egzèsis rapid pou fini
1. Apre ou fini li leson sa a ki jan ou wè wòl pou chanje figi peyi Dayiti? a. Ki sa ou kab fè jodi a.
b. Bati yon plan pou yon lane. Ladan l dekri sa ou vle wè ou akonpli lè ane a fini
c. Kalkile ki klas ou panse wap fè jodi a nan lekòl lavi a nan bagay ki gen pou wè ak anviwònman. Nan ki klas ou ta vle ye nan senk lane kap vini yo. E ki lòt kote ou ta renmen ye nan senk lòt lane ankò ?
d. Bati yon plan pou lavi ou ladan l dekri sa ou vle wè ou akonpli pou lavi ou e kouman sa ap ede ou jwe wòl pa ou pou sove peyi Dayiti.
Ann Chache Konnen
2. Poze twa moun keksyon sou “lespri tribal la”. Pami keksyon ou ka poze yo se eske yo janm tande pale de li. Mande yo apre ou fin eksplike yo li si yo konnen yon bon mo kreyòl ki ka ranplase l. Bat pou gen omwen twa keksyon.
Modil V
Leson 11 ̶ Plas mwen nan mond sa a
Egzèsis ak diskisyon anvan nou kòmanse
❖ Ann pale sou privilèj nou genyen pou nal viv sou planèt sa a ❖ Poukisa li enpòtan pounou pran swen tèt nou men pran swen mond lan tou an menm tan
❖ Ze a oubyen poul la kiyès ki te fèt anvan.
❖ Pran swen anviwònman an ak voye je sou lavi nou kiyès ki pi enpòtan ?
Objektif Pati sa a
Lè ou fin li pati sa ou fèt pou :
1. Konprann enpòtans sa genyen pou nou pran swen mond lan 2. Aksyon Pozitif ak Aksyon Negatif sou Anviwònman
3. Konpran sa nou rele an kreyòl “Macheskalye Maslow” a.
4. Konprann kontwòl lavi nou mare ak kontwòl anviwònman an.
Sa nou dwe sonje
Yo di nou rive yon pwen sou planet la sèl jan pou nou pa disparèt nèt nou oblije “panse global pandan nap aji lokal”. An nou di touswit kisa sa vle di pou pa gen ankenn konfizyon pi devan. Sa vle di pandan nap fè tout sa nap fè anndan oubyen bò lakay nou, nou pa fèt pou nou janm bliye ke nou pap viv izole de lòt moun oubyen nou pa gen anyen pou nou wè ak anviwònman an.
Prezantasyon
Nan gwo kalkil nèg ak fanm lespri ap fè sou pwoblem anviwònman nap konfronte nan mond sa a depi anviwon senkant lane yo remake ke se yon chanjman total
de jan nou wè plas nou nan mond lan ki merite chanje. Keksyon pou yon moun mete nan tèt li li poukont li a e sa li fè pa gen anyen pou wè ak lòt moun e pa fè anviwònman anyen, pa ka kanpe ankò. Non nou pa poukont nou. Nou tout konekte e planèt sa nap viv souli a se lakay nou. Nou te pale de fanmi anben nou tout sou latè fòme yon sèl fanmi e move desizyon nou pran jodi a pap janm afekte nou menm sèlman, se tout fanmi ki nan ka pase yon pitit tonbe nan vakabon. Gwo mesye ak fanm yo kap panse di yon bagay serye ki mande pou kanpe e pran yon ti tan pou n kalkile, reflechi. Yo di nou rive yon pwen sou planet la sèl jan pou nou pa disparèt nèt nou oblije “panse global pandan nap aji lokal”. An nou di touswit kisa sa vle di pou pa gen ankenn konfizyon pi devan.
Sa vle di pandan nap fè tout sa nap fè anndan oubyen bò lakay nou, nou pa fèt pou nou janm bliye ke nou pap viv izole de lòt moun oubyen nou pa gen anyen pou nou wè ak anviwònman an. Aksyon nou yo, kelkeswa piti yo ta ka piti gen efè sou tout planèt la.
Pou nou ka ede ou konprann sa pi byen ann kreye de mo nouvo APA avèk ANA gen moun ki te ka diskite avè nou ke gen ASA tou. Men nou menm nou pa kwè sa. Nap kite pou ou menm bay opinyon ou sou koze sa a.
APA se Aksyon Pozitif sou Anviwònman an ☺ Tout sa nou fè anfavè anviwònman
ANA se Aksyon Negatif sou Anviwònman an ☹ Sa nou fè ki mete anviwònman an danje
ASA ? ?
Kisa ou panse ASA vle di ? Nou poko ap di anyen sou li paske nou ta renmen ou reflechi sou li. Apati de la a, tout sa nou mansyone ki yon APA ou byen yon ANA nap ekri l. Objektif la se pou ede ou panse byen. Pou ka chanje mantalite ou e konprann ke bagay sa yo ekstrèmman enpòtan pou chanje peyi nou an e fè l tounen yon peyi kote moun gen anvi viv e kote lòt moun anvi vizite.
Men yon ti lis rapid de kèk bagay nou ka rele APA ak sa tou nou kab rele ANA.
APA |
ANA |
Pa koupe pyebwa pou ti krik ti krak, plante pito |
Jete boutèy ak sachè tout kote ou jwenn |
Plante plant nan mòn kab kenbe tè a |
Poupou atè nenpòt kote san ou pa byen kouvri l |
Ankouraje moun pou kenbe zòn nan pwòp |
Pipi nan nenpòt kwen ou jwenn |
Fè resiklaj ak bagay ki pa pouri fasil |
Fè chabon ak nenpòt ki bwa san plante ankenn |
Fè konpòs ak tout sa ki ka pouri fasil |
Bati kay nou nenpòt kote bò ravin |
Fè grèf nan pyebwa pou ogman valè yo |
Sakle tè nan pant mòn |
Ann pran kèk egzanp ki senp e egzanp sa yo nap gen pou nou revini sou yo de tanzantan nan liv sa a.
1. Ti jan rete pòtoprens nan zòn Fò Mèkredi anwo Bolòs.
2. Pandan lap sot lekòl li achte yon papita (pou moun ki pa konnen papita se bannann sèk [APA] yo vann nan sache plastik [ANA]. Anpil fwa lè grangou bare yon moun nan lavil la se youn ou achte pou met nan vant ou)
3. Li fin manje papita a [APA] li lage sachè a atè [ANA]. Pou li se pa anyen mal li fè. Li al lakay li dòmi pran l. Li byen.
4. Lapli tonbe pita nan aswè dlo bwote sache Ti Jan al jete l nan lanmè. Pou anpil moun malerezman yo tap konsire sa kòm fen istwa. Men gen anpil bagay ki ka rive apre plastic la rive nan lanmè. Nap pran yon sèl.
5. Kèk gwo pwason moulen plastik la li manje l dechè toksik ki nan plastik la al nan viann pwason an.
6. Apre sa pechè nan zòn Matinik pran pwason sa a. Yo vann li. Moun manje l. Yo manje kont plastic yo san yo pa konnen.
7. Kansè pita. Pase plastic kab bay kansè.
8. Manman nan yon fanmi mouri
9. Ti moun yo pèdi wout yo nan lavi
10.Yo tonbe nan delenkans. Yo soufri. Sosyete a soufri.
Gen anpil lòt bagay ki te ka pase nan istwa sa a. Nap mande ou pita pou ou imajine ki lòt sa ki te ka pase.
Leson 12 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye)
Maladi “Lakayli”
M swete nou gentan dekouvri kisa nap chache di la. Ankenn moun pa poukont yo. Gen moun ki ta vle ajoute “ankò” dèyè l. Men lè nou pansesa byen. Jamè pa menm yon sèl fwa moun pat ka vrèman poukont yo sou planèt la. Kèlkeswa kote ou ye sou planèt la ou konekte ak tout lòt moun ki sou planèt la. Se sak fè aksyon nou yo fèt pou yo pa fèt nan yon vizyon ki twò kokobe yon sèl kote. Nou bezwen panse laj. Panse global. Pa panse peyi sèlman men panse le mond. Panse entènasyonal.
Se preske yon maladi le ye zafè pou mou nap panse mouvman lakay sèlman. Ou ta di yo soufri yon maladi yo rele “Lakayli”. Se yon maladi grave ki frape sitou moun kip a gen bonsans. Sentòm maladi sa fasil pou dekouvri:
1. Se kouwè yon lafyèv gwo kòlèt ki anpeche yo wè byen
2. Yo panse se yo menm sèl ki genyen.
3. Yo jete fatra nenpòt ki bò sitou apre lapli nan rigòl, pouse l al jwenn vwazen yo.
4. Yo pa ka oubyen yo pa vle panse ak lòt moun.
5. Pou yo peyi a pa egziste
6. Pa menm lakou yo wa pa la
7. Se lakay yo sèlman ki konte
8. Depi brikankan an pa lakay yo li bon kote li ye a
Moun sa yo bezwen remèd. Pase yo ka non sèlman mouri de Lakayli yo ka koz anpil lòt moun mouri ak yo. Pase lè yon kay mal bati ap tonbe anpil fwa li pa ale poukont li. Se tout yon bò ravin nan ki vide avèl.
Remèd moun sa yo bezwen pran se :
1. Edikasyon sou zafè anviwònman
2. Edikasyon sou kouman moun viv nan sosyete a. Kouman pou yo negosye plas yo san pou pa met pye sou pye lòt moun
3. Edikasyon sou benefis sa genyen pou moun panse ak lòt moun nan tout sa yap fè.
4. Edikasyon sou tètansanm (kòve, kowoperativ, legliz, gwoupman kominotè, etsetera)
Plas nou nan mond sa a ? Nou se yon pil privilejye.
Plas yon moun nan mond sa, kelkeswa moun nan, se yon plas espesyal. Lavi pa yon machandiz nou ka vann oubyen achte lè nou vle. Viv sou planèt la se pa yon dwa li ye devan linivè se yon privilèj. Nan pwen moun kip a jwenn ak pinisyon yo lè yo pran la nati pou jwèt. Planèt la konn mete moun deyò [touye yo] si yo pa konpòte nou byen, si yo pa moutre entelijans nan jan yo trete l. Si nou pran l pou bwat fatra nou epi nou panse nou ka fè sa nou vle avè l nap soufri konsekans angransite n, malpwòp nou, neglijans manfouben nou kanmenm pi devan. Si se pan ou ki peye l, pitit nou oubyen pitit pitit noua p peye pou frekan ak vyolans nou te fè.
Plas nou nan mond sa a ? Nou gen yon djòb pou n fè :
A-Pran swen tèt nou
B-Pran swen anviwònman an
Nou gen yon djòb pou n fè se goumen ak tou fòs nou pou nou repare tò yo fè planèt la. Anjeneral nou ta ka di Peyidayiti pa fè planèt la twòp tò. Nou pa yon gwo peyi endistriyalize kap vomi lafimen san gade dèyè nan lè a. Youn nan pi gwo pwoblèm mond lan nap konfronte kounye a se gwo tanperati a kap chanje. Rechofman planèt la, tè a ap vin pi cho. An Ayiti nou ka santi sa. Gen de lè an Desanm, Janvye ak Fevriye nan kèk tèt mòn yo konn si tèlman fè frèt ou konn jwenn glas sou fèybwa yo. Sa sispann lontan. Solèy boule ti jaden nou pi vit kounye
A-Pran swen tèt nou
Men se nò mal pou nou vle okipe nou de tèt nou anvan nou okipe nou okipe nou de anviwònman an. Si nou pa vivan pa gen anyen nou ka fè pou anviwònman. Nou oblije bat pou nou rete an vi paske se sèl mwayen nap ka voye je sou anviwònman an. Fòk nou fè kou nou konnen pou n chache yon fason pou nou viv. Toutotan nou pa fin klè nan fason pou noua rive viv la anviwònman pa vle di anyen pou nou.
Leson 13 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye)
Macheskalye Maslow a
Gen yon gwo savan sikològ yo te rele Abraham H. Maslow (1908-1970). Nan kalkil li tap fè sou kisa ki pouse moun aji, li te vini avèk lide ke se kouwè yon macheskalye nap moute. (Yo plis pale de li kòm yon piramid an franse kou angle). Gen kondisyon pou chak pa ke nou fè pou al piwo. Zanmi an dekouvri ke si bezwen debaz nou yo pa satisfè nou pa twò enterese pou nou satisfè lòt bezwen sa yo kèk moun ta ka konsidere ki pi nob pi bèl.
Kòm yon egzanp nou te ka di yon moun ki nan grangou li gen twa, kat jou depi l te manje se pa eleksyon kap fèt nan peyi l li pral okipe. Edikasyon enpòtan se vre, men si yon ti moun pa gen kote pou l dòmi ou kote lap dòmi an gen tire chak swa, lagè fin pran chenn, ou panse lap ka aprann anyen ? Jamè. Ti moun nan pa menm ka aprann si li pa gen moun ki remen l bò kote l, ki po ba l lanmou. Kifè dapre Maslow toutotan ou pat fè premye pa a ou pa ka fè dezyèm nan jan pou ta fè l. Sa vle di moun kip a ka manje epi ki ap bwè dlo kap fè yo malad toutan se nòmal pou anviwònman yo an debanday paske yap goumen pou satisfè bezwen preliminè oubyen bezwen debaz yo.
Imajine nou yon moun kip ase 10 lane nan lwaye. Si yon lè se bò yon ravin li jwenn pou konstri se la lap bati yon kay. Nou ka ap mande tèt nou anben kisa ki ka fèt? Se 80 pousan (80%) Ayisyen wi ki nan ka sa a, ki viv kote yo jwenn, ki bati kote yo jwenn, ki poko ka fatisfè 1e ak 2èm Pa yo se pa nan 3èm Pa yo ta ale kote pou yap voye je sou tray anviwònman ap pase. Ayiti nan yon ka ki pa ti ka piti.
Solisyon an
Nou kwè nan edikasyon anpil. Pa gen lòt bagay ki ka ede yon moun fè gwo efò sa a ki nesesè pou li chache depase l e konprann si li pa pran swen anviwònman non sèlman sitiyasyon li pap chanje se pi mal lap vin pi mal.
B-Pran swen anviwònman an ede ou pran swen tèt ou
a. Dakò si pa egzanp poupou kenbe ou sa se yon bezwen debaz. Se yon premye pa ki fèt pou l satisfè. Tout moun konnen kisa sa vle di. Yon moun se chache yon kote lage l vit. Ou pa ka aprann, ou pap ka panse ak renmen nan yon sitiyasyon konsa. Fòk li satisfè e vit.
b. Men si ou te pase nan yon lekòl kote yo te enstri ou sou zafè anviwònman ou pap lage l nenpòt ki kote pase ou tap konnen ke menm lè ou pas anti ou malad ou ka pote maladi ki al sou lòt moun e ki gendwa touye yo.
c. Moun lespri konnen pou yo fouye yon twou pou yo fè bezwen yo paske yo pa ta renmen pou yo yon danje pou lòt moun. Tata ki deyò tounen pousyè. Van vante pousyè a jete l nan dlo moun epi sa ou tande maladi sot nan yon moun al atake yon lòt. Poutan gen bagay itil matyèfekal la te ka fè. (Nap wè yo pi devan).
d. Si ou gen ledikasyon piti kou l ta ka bye, ou konnen pou pa jwe ak bagay serye. Pise nenpòt kote bay vye lòde ki repouse etranje. Yon peyi ki ta renmen touris antre vin vizite l pa ka yon bwat kote moun fè sa yo vle, pipi, poupou e menm krache kote yo vle.
e. Ak bon ledikasyon nou ka melanje bezwen yo. Nou ka menm fè de twa pa ansanm pou nou ka atenn bèl bi nou kote nous anti nou rive vre. Nou santi nou akonpli misyon nou sou tè sa. Nou non sèlman pran swen tèt nou ak anviwònman men nou rive gade pi lwen toujou. Nou wè tèt nou kòm sitwayen planèt la, pa Ayiti sèlman.
Leson 14 ̶ Plas mwen nan mond sa a (kontinye)
Plas nou nan mond sa a ? Nou se bòs nan faktori lespwa
Nou ka di ke plas nou nan mond sa a kòmanse lè nou pran konsyans toutbon de plas nou nan peyi nou, Plas nou nan kominote nou, plas nou nan lakou nou, plas nou lakay nou. Menm jan ak macheskalye Maslow a fòk nou komanse byen depi lakay. Se depi nan fanmi nou pou kòmanse preche egzanp lan pou pitit nou pa pipi, poupou kou bèt atè nan nenpòt ki kote nan nenpòt ki kondisyon.
Se depi lakay nou pou nou pa dakò pou manje gaspiye, pou ti moun pran valè manje yo ka manje oubyen pou yo pa jete rès manje, pou yo konnen enpòtans fè konpòs ak fatra pou fatra pa al ankonbre tourego nan vil yo epi al sal lanmè tiye pwason. Se depi lakay pou nou kòmanse fè sa dekwake timoun yo kab aprann zanmi pou fè menm jan ak yo. Epi sa ou tande a kouwè dife ki pran nan pay etensèl la ki limen lakay la pran deyò pou li epi sa ou tande a lakou a pran. Bèl dife lanmou pou anviwònman pran limen san rete. Batje se Kominote a ki pran. Yon kote moun tap plenyen yo pa ka jwenn bon tè pouf è jaden dekouvri
ke konpòs ka ede yo. Yo menm rive konnen ke poupou moun ou byen kaka bèt ka ede danre pouse. Bon rannman kòmanse jwenn nan jaden epi batje kòb kòmanse vin pi fasil pou fè. Lekòl timoun rive peye atan. Gen plis kèkontan nan fwaye yo. Fanmi pa divize pou afè lajan ankò. Gen mwens ti moun ki leve san fanmi. Mwens delenkan nan lari. Peyi vin repran figi l. Ayiti kab leve tèt li nan pami lòt peyi yo. Ayisyen pa al trennen kay moun ankò. Moun vin jwenn viza pou pati pi fasil paske ayisyen pa gen rezon pou yal viv ilegal kay blan.
Zafè pran swen anviwònman se yon bagay serye wi li ye. Pi gwo problem peyi a kab rezoud si nou rezoud pwoblèm anviwònman an.
Egzèsis pou fini
Travay an gwoup : Loni ap òganize yon gwo woumble, yo envite Ayiti paske peyi se manm fondatè Oganizasyon Nasyonzini. Ou se anvwaye espesyal peyi Dayiti nan gwo reyinyon sa a. Ou gen pou prezante yon diskou. Ou pa ka fè l poukont ou. Ou pran de twa zanmi avè ou pou prepare yon diskou ou ap gen pou bay devan Loni kote wap defann dwa anviwònman.
1. Pale de jan sitwayen ge pou l wè tèt li
2. Jan li fèt pou konsidere ki wòl lap ranpli fas ak anviwònman an
3. Pou ki sa wòl sa a enpòtan anpil pou yon ki vle yo wèl kòm sitwayen mond lan
4. Bay lide pa ou nan ki jan ou wè nou ka sove anviwònman an Ayiti
5. Bay yon bidjè rapid sou konbyen lajan ki ka fè sa. (Meyè pwopozisyon an se pipiti kò la)
Piga diskou a gen mwens ke 700 mo e li pa dwe depase 1500 mo. Diskou say o a vin jwenn Greskò e de tanzantan sa ki pi bèl ap resevwa yon rekonpans. Nap anonse rekonpans chak fwa premye fòmasyon rive nan bout li.
Eko-Konfesyon
- Sak fè nou pa bay anviwònman regle anyen pou nou se paske :
- Anpil fwa nou pèdi nan lavi a san bi, san objektif, san ankenn pasyon
- Nou viv kankou moun, men nou pa menm ka panse nan nivo bèt yo
- Sa pa vle di nou pa entèlijan
- Sa pa vle di nou se bèt
- Sa vle nou manke sansib pou sa ki antoure nou. Bèt yo pi fò ke nou nan pran swen anviwònman. Fò nou pa wont di l.
- Nou kouwè nou se lenmi pwòp tèt pa nou
- Yon moun se lènmi pwòp tèt li si li fèmen je pou anviwònman an
- Lè li fè oubyen li kite lòt moun fè anviwònman mal se kont pwòp tèt li lap aji paske li menm li se yon pyès enpòtan nan anviwònman. Li menm ak anviwònman an fè yon sèl
- Nou di anviwònman an pa rapòte nou anyen san n pa wè se nou ki pa konnen
- Nou koupe bwa pa egzanp pase yo pa bay fwi men se pa fwi sèl pyebwa bay
- Yo retire kabòn nan lè a
- Yo pwodwi Oksijèn
- Yo ken tè a pou li pa woule al nan lanmè
- Pye bwa pa bezwen ba ou lajan pou wè enpòtans li paske
- Pyebwa se lajan li ye
- Se lè ou koupe l li vin pa vo anyen
- Toutotan li la gen lespwa ou ka koupe nan branch yo pou fè chabon e pi bon toujou pou fè bèl po an bwa avèk lòt bagay atistik ki ka vann byen chè san ou pa touye pyebwa a.
- Nou bezwen chanje filozofi lavi nou epi panse yon lòt vizyon ki pi pratik.
- Bati yon plan lavi ki gen anviwònman ladan l
- Panse ak yon gran objektif ki ka difisil pou atenn men nap pwojte kanmenm nan yon ou de lane
- Panse ak kèk bi senp nou ka atenn pi fasilman nan kèlke jou ak kèlke semèn
- Prepare yon plandaksyon pou kenbe tèt sou liy, resposab, disipline e fokis sou sa ou vle reyalize.
Plandaksyon pou avni mwen
Non: ___________________________ Laj mwen:__ Ane m fèt: ______ Institisyon:__________________
Envantè Onèt e Pèsonèl. Bi li: Kouman m santi lavi m ye? -10 -5 0 +5 +10 |
Fòs Chans ou ka fè pi byen? -10 -5 0 +5 +10 |
Feblès Chans ou ka chanje? -10 -5 0 +5 +10 |
Eksperyans mwen Kote m ka mete kalite eksperyans? -10 -5 0 +5 +10 |
Travay/Okipasyon Satisfaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Volontè Satisfaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Kote Mwen ye Jodi a Kouman m santi m ye jodi a? -10 -5 0 +5 +10 |
Konesans Satisfaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Finans Satisfaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Kote m ta renmen ye (tan ki kout) Ki lespwa m genyen? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan 1 mwa Chans ou ka rive? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan 1 an Chans ou ka rive? -10 -5 0 +5 +10 |
Kote Mwen ye jodi Eske m renmen kote m ye jodi a? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan lavi Espirityèl mwen Satisfaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan relasyon m ak Anviwònman an Satifaksyon ou? -10 -5 0 +5 +10 |
Kote m ta renmen ye (tan pi long) Ki lespwa m genyen? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan 2 zan Chans ou ka rive? -10 -5 0 +5 +10 |
Nan 5 an Chans ou ka rive? -10 -5 0 +5 +10 |
Kisa ki pi gwo enkyetid mwen Jije dout ak enkyetid ou yo -10 -5 0 +5 +10 |
Ki pi gwo obstak ki devan m Jije dout ak enkyetid ou yo -10 -5 0 +5 +10 |
Ki pi gwo lespwa m genyen Jije dout ak enkyetid ou yo -10 -5 0 +5 +10 |
Lòt Nòt ak obsèvasyon
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________________
Dwa Anviwònman an
(Nou te vin ak lide sa a avan n te dekouvri lòt vèsyon ki an Franse a) Yo pale anpil de dwa moun ak dwa bèt men kle a yo bliye l se Dwa Anviwònman. Pase se sou li tou lòt dwa yo chita. Vyolans sou fanm se yon fòm vyolans sou anviwònman an. Pa voye ti moun lekòl kote yo kab vin kichòy pou lavi yo se vyolans tou sou anviwònman. Pase lè nou vrèman kalkile tout bagay sa yo byen se toujou anviwònman ki peye tout pokase yo.
1- Mwen menm Anviwònman an m den dwa pa m tou. Nou panse m paka pale. M konn pale wi se nou ki pa konn tande m. Mòn yo pale wi lè yo pran degrenngole fannfwa dechèpiyè ak inosan kap rachonnen yo. Pyebwa, sous dlo ak ravin yo tout toujou gen kichoy pou di e yo toujou ranni, pale byen fò kont ratibwazman pil san manman bèkfè konprann pou yo fè san gad dèyè.
2- M gen dwa pa m se vre, men m oblije konte sou kèk kretyen vivan bonkè pou kenbe m an sante paske nou menm avè m fè yon sèl. Li pap bon pou nou pou nou viv lavi nou kòm si nou pa gen anyen pou wè avè m. Nou pa etranje pou mwen. Se pitit mwen nou ye. Se gras a mwen kifè nou egziste. Mwen pran swen nou. Nou pa gen lòt chwa, nou oblije pran swen m tou.
3- M gen dwa pa m se vre men men bezwen nou pou kenbe m pwòp. M pap okipe nou ! Si n pa la m ka pran swen tèt mwen. Forè yo, rivyè yo, rakbwa yo, savann yo, dezè yo se mwen wi lè m pa gen vakabon kap anmède m, lè pa gen “mdea” (makout-diktatè-ennmi-anviwòman) pou asasinen m. Men nou fout vin ankonbre m ak vye fatra plastik plastik, vye machin bokota ki chita la ap pouri ak anpil lòt dezagreman kap pran santan, milan anvan yo disparèt alòs se nou wi ki responsab pou netwaye penyen tèt mwen fè m bèl ti fi mete m an penpan kòm si m ta pral marye;
4- Enben se pa “kòm si” non, m pral marye menm ak van kap soufle. M gen tout dwa m pou m gwonde lè ya dechèpiye m. Pou m frape pye m jan m vle (e nou paka rete m) lè sa twòp pou mwen ; pou m di sispann souse m san rete. Seyon fòs mwen ye. Menm jan ak nou kretyen vivan mwen fèt, mwen grandi e batje m ka mouri. Men m pa pral poukont mwen anpil moun ap viktim ni sak te konn pale, ni sa ki te kanpe gade. Inosan ap peye pou koupab si m dwe disparèt.
Se tout dwa m pou m egzije nou defann mwen, pou pitit ki renmen m yo lib pou ancheri m ; pran swen m banm tout atansyon ke mwen merite ; sitou timoun yo ki poko tonbe nan pèlin iyorans granmoun yo. Tande pitit mwen yo, a kite sanzavni yo fè sa yo vle avè m souple. Pa kite yo vyole m, fè kadejak sou mwen, eksplwate m jan yo vle. Lè nou bati mal kote nou vle, lè nou jete fatra kote nou vle, lè n bati watè ou byen nou fè bezwen nou toupre sous dlo se sa nou fè m ;
5- M gen tout dwa m pou m repwodwi sa kap bon pou mwen jan m vle; pou m grandi, epanouyi m lib e libè ; nou pa gen dwa pou agase m manipile m, tounen bil mwen jan n vle. Se mwen ki chèf tèt mwen. Pa gen diskisyon nan sa. Kòm nou diferan de lòt bèt yo nou gen kèk privilèj sou yo. Men souple sèvi ak pouvwa nou pou fè m byen pou fè m pi bèl e grandi pi byen.
Sispann fè eskamòtè avè m, volè tout sa m ka bay, detwi msan gad dèyè, san nou pa jan m panse yon lè fòk deblozay la vini. Wi yon lè fòk li fini. E lè a se jodi a menm. Met ansanm avè m pou garanti yon demen miyò pou timoun ka vini yo. Ede m kite bon egzanp pou yo. Mwen vle ba yo bon dlo pou yo bwè, bon manje pou yo manje, mwayen pou yo bouyi manje nan bon kondisyon. M fatige deplase moun, blese moun, m fatige touye moun. Men si nou pa fè respè n, si nou pa ban m respè m sa n pran se pa n. M gen tou dwa pou frape pye m pou m di se twòp atò bagay yo fèt pou chanje.
Refleksyon Pèsonèl
Kiyès nou ye?
1.0 Objektif: Dekouvri idantite, Ranfòse talan nou pou nou ka konn ki wòl nou nan sosyte kote nap viv la. Apre segman sa, si nou patisipe korekteman ladann nou fèt pou ka di
1.1 Ki moun nou ye?
1.2 Ki talan nou genyen?
1.3 Ki rezolisyon nou pran pou nou fè enpak sou kominote nou an?
1.4 Ki desizyon pou pran pou chanje lavi nou pou tout bon?
2.0 Egzèsis Refleksyon
2.1 (Travay endividyel): Ekri nan yon ti papye youn oubyen de fraz ki di yon moun ki moun ou ye nan je pa ou.
2.2 Refleksyon (Travay an gwoup): Li pou moun nan gwoup ou a sa ou ekri sou ou a. Apre nou fin tande pawòl chak moun chahe reponn keksyon say o antre nou. Nou lib pou nou diskite yo jan nou vle e nou pa oblije dakò youn ak lòt.
2.2.1 Eske sa ki fè yon moun se sa li di? Se sa li fè? Osinon se sa li kwè?
2.2.2 Eske yon moun ka chanje idantite l?
2.2.3 Eske yon moun ka pèdi idantite l?
3.0 Fòme idantite ou
3.1 Idantite biolojik nou ki sa li ye?
3.1.1 Nou se zo, po, san, dlo. Nou se selil. Nou vivan, nou mouri, nou se pousyè (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri
omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.2 Idantite sosyal nou ki sa li ye? (politik, familial, pwofesyonèl, etset.)
3.2.1 Nou se lavalas, nou se manm fizyon, nou se pitit paran nou, nou se kiltivatè nou se pwofesè (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.3 Idantite sikolojik nou
3.3.1 Mwen se yon moun ki pa gen chans, lavi ap toupizi m, mwen satisfè ak la vi, mwen pa rich mwen pa pòv men kè m toujou kontan, Mwen se ze zandolit loray kale (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a
re-ekri omwen kat fwa anba la a)
_________________________________________________________________ ___________________________________________________________
3.4 Idantite espirityèl nou
Mwen se vouyizan, mwen pa kwè na Bondye, mwen se pitit Bondyen (pase yon trè sous a ki pa sanble avè ou la/yo. Pran sa ou kwè ki pou ou a re-ekri omwen kat fwa anba la a)